Map Rape Yo • BIC

ADDED BY TIZER (APR 25, 2014 AT 12:04 PM) 32,801 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Recto Vèso
Year: 2014

Lawon goch ta swete ke plim mwen vomi
Yo pèdi fèy menm si yo pa gen pwoblèm anatomi
Pou valè bagay ki gen andedan tèt mwen
M'poko prè pou m kite mwayenn 4 kale 7 mwen

M'ap kontinye atire atansyon nou
Sou sa ki pi enpòtan ke kanè bank ak pòch kanson nou
Yon peyi ki bouke mache ajenou
M'pap aprann nou anyen
Nou tout wè avèk 2 je nou
Sistèm politik la bezwen remanyen
Pou ansanm ansanm nou sispann pote dlo nan panyen
Koute, nan lekòl yo, nou bezwen plis lòd
Administrasyon leta yo, yo bezwen plis kòd

Sou ki baz nou deklare ke peyi a gen 2 lang
Pandan ke se ak moun ki pale Fransè nou tete lang
Bagay sa yo paka pa leve plim sou do m
M'ap kontinye fè efò pou sistèm lan pa douko m
Ale vini motè machin nan toujou an feblès
Si chanm pa bay rezilta met kawotchou tiblès
Jouk tan nou gen pratik 'on peyi k'ap mache
E fyète patriyotik sa pa vann nan mache

Si chak politisyen gen yon blan dèyè banann li
Se nòmal pou chak ayisyen tounen yon grenn banann mi
Domaj pase n te tèlman byen kòmanse
M'pat imajine jounen jodi nou ta nan ranse
Tèks sa a li ekri pou tout sa k' pa konn ekri
E m chante l pou tout sòyèt ki paka fè lekti
Tout fanmi tout zanmi tout nanm tout kè
Tout sa k antre nan prizon san pase devan Parquet
Tout moun ki pa volonte ou pa aksidan fèt nan ‘on lòt peyi kote y'ap trete yo kou peng ti dan
Tout moun ki pèdi fyète yo depi lontan
Tout manman ak ti bebe kape dòmi nan rak pikan
Tout pwòf ki paka posede yon bon soulye
Tout pòv ki wè manje men k' pa konn ki gou l ye
Menm jan ak nou mwen wè anpil lajan sal
Men avèk yon bwa gita mwen pito chita nan yon sal

M'ap itilize mikwo pou vwa
Depi 14 an li banmwen yon kantite pouvwa
Pou m pale pou nan non sila yo ki pa gen vwa
M'pa atis pa plezi, m'son atis pa devwa
Zanmi gade m nan je, e w'ap wè gwosè fyète m
Depi 14 an m'pa janm kite moun mache sou pye m
10 goud ou posede pap fè m fè ‘girouette”
BIC Tizon Dife paka nan grennen jibrèt
Menm lè m'pa dòmi sou zòrye m'toujou reve
Ke yon lè na bouke vann Ayiti pou je kreve
Nou mal manje, nou mal dòmi
Gen nan nou k' achive
Ke w te tèt kale bobis oubyen w te chaje cheve
Lè n ale nan kontribisyon pou nou peye leta
Nou pase mizè paske sèvis la en “mauvais état”
Nou fè pati de yon sèl bato k'ap koule
Nan gaspiyaj ak lajan k'ap boule

Kounya mwen pral mete kouto nan plè a
W'ap tann refren?
M'poko fini ak kouplè a
Pouki pastè paka pase men nan kou pè a?
Nan yo 2 a, di m kiyès pou m pè a?
Pou m jwenn verite nan ki bouch pou m pase bè a?
Nan ki asanble ki gen lanmou san rabè a?
Se “la religion” ki pou bay egzanp la pè a
Pou nou sove tè a

M'fèk kare kalonnen
M'fèk kare talonnen
M'fèk kare met nan men granmanjè jouk yo balonnen
M'fèk kare wete wete, mete mete, pete
Pete plon nan tèt chwal ki pran Ayiti pou galonnen
M'fenk kare nan tenpan yo, mete volim
M'fenk kare nan konsyans yo, mete kout plim
M'fenk kare pa neglije korije kaye yo

BIC Tizon Dife!

Hey!

A letranje yo pran nou pou lepandyè
Pran liy anbasad pou n'al lave chodyè
Gen nèg isi kape mache fè pedan
Men depi yo laba yo pa plis ke yo pwa dan
Pou kantite enèji k'ap travèse nou
Annou itilize yo kont advèsè nou
M'reyalize si gen moun ke yo pa pè se nou
Genlè yo krache nan pise nou

M'fèk kare kalonnen
M'fèk kare talonnen
M'fèk kare met nan men granmanjè jouk yo balonnen
M'fèk kare wete wete, mete mete, pete
Pete plon nan tèt chwal ki pran Ayiti pou galonnen
M'fenk kare di w menm si ou milyadè
Menm si w kòmande lemond antye alawonbadè
Menm si se ou k' ta gen kle syèl la nan men w
Si w pa gen lanmou pran men w

La la la la, la la la la la la la la...
Si mwen pa gen lanmou mwen pa anyen

Posede bèf
Posede kabrit
Posede avyon
Posede zam
Posede sand
Posede zetwal

La la la la la la la la la...
Si mwen pa gen lanmou mwen pa anyen

Gade se di m vin di w
Si mwen pa gen lanmou mwen pa anyen


BIOGRAPHY
  • BIC marries rap and folk to deliver poignant critiques and observations of the Haitian society. In 2000, he launched his musical career as a member of the rap group Flex. Then he formed the duo BIC (Brain. Intelligence. Creativity.) and adopted the acronym as his stage name. In 2010, he went solo and started his record label, Tizon Dife Records. Since 2006, BIC has served as Goodwill Ambassador for several organizations, including the Haitian Basketball Federation and SPEDH (Support Social pour les Enfants Démunis d'Haiti. Since 2012, he has served as Ambassadeur de la Francophonie alongside BélO and Jean-Jean Roosvelt. In 2014, BIC won Institut Français's VISA pour la Creation residency and spent three months at the Cité Internationale des Arts de Paris completing his dual language album, Recto-Verso. His sixth album, Vokabi-Lari, was released in May 2016.