Koupab • Baky

ADDED BY MRPRODG (MAR 4, 2018 AT 7:53 PM) 24,891 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Featuring: T-jo Zenny
Produced by: Magic Touch
Lyrics by: Baptista Lugendy Saintibert

[Verse-1]
A 25 ans, lavi isit pa fè'm Rabè
M konn lavi potoprens ak tout pwoblèm ki vin avèl
M t maryak yon fanm ki te banm yon pitit fò'm di'n ke Lavi'm chanje Depi le jou'l vin sou latè
M pat gon gwo kay, men nou 3 tap viv ansanm
E aprè'n Vin divòse pitit fi'm al viv ak
Manmanl
E a lepok se machine mwen tap repare
Pitit fi'm vin gon bòpè akoz manmanl vin remarye
Yo demare yon lòt vi ansanm, men'm te toujou la
M t toujou la pou pitit fi'm, nenpot sa'm genyen m toujou ba'l
Chak fwal vin wè'm, se kè rache Lè poum mennenl
E Nenpòt sa'm fè nan lavi'm, konn se pou li Tèlmanm renmenl
Tout Pot mèt fèmen pou mwen, depil jwenn Pòt ouvri
M pap nwi domi nan fredi depil ka jwenn laine poul kouvri
Pitit fi'm pap konn mizè mwen
M pap nwi mache pye atè, ak yon sèl rad, depi'm bal tout rad li bezwen
Map sal kò'm, pou kò pal ret pwòp
Poch mwen vid,pou poch pal gen kòb
Ou wè Poum konble'l map Fè tout kalte job
Satisfaksyonm se lè mwen wè'l souri
Pitit fim sa se lavi'm E pa gen anyenm pap fè pou li

[Refren Tjo zenny]
Pou ou lanfè pa anyen, sèl ou mwen genyen, sèl pitit mwen
Pou ou lanmò pa anyen, mwen prè poum bay vi mwen, mwen KOUPABBBB

[2ème Verse]
Yon bon maten mal travay, yo revokem pou twòp kredi
Men'm pat regrèt koz tout kob mwen se nan li'm te envesti
M vin gon 2eme job, son ti job sekirite, paske'm te gon lajan lekol m tap konplete poul te enskri
Tet mwen cho, pou jan dette sa te toumantem
Ou konn paran, n te mèt pa manje, depi pitit nou konble
Telephone mwen vin sonnen, e lè'm gade'm wè nonl monte m di ma fille cherie comment vas tu? si'w konn kijan'w manke'm
Li di'm "Ha papi vin dèyè'm, m pap ret la ankò
M santi'm imilye, m pèdi tout pudeur ki te nan kò'm"
M di saw genyen? Ou pa alèz?
Li di men non bòpèm ap plede manyen'm chak fwa'l antre la m pa vlel parèt la ankò
M di kisa? Li di'm papi vini Tanpri'm pralavè'w
Kot manmanw? Li pat tande'm tout lè'm te eseye palavè'l
M dil ret kache map vini
Li di'm ok men Papi tanpri fè vit paske mwen pè
Se mwen ki poukòm la avèl
Misye gen pouvwa, lajistis pa tap pran Pa kam
Kom m t gon job sekirite, sanm pa mande malak yon zam
Pa menm ezite, m pral defann pitit fim Ki minè
San reflechi mwen pran lari, Direksyon kay yon kriminèl
Lè'm rive, m fonse pòt la poum antre
Gras à Dieu m rive a tan mwen wè'l kap trennenl devan je'm
M dil hey fout lage bra'l! Cherie ekate kò'w
Pandan lap kouri vin sou mwen m rale zam mwen m brake m baw

[Refren Tjo zenny]
Pou ou lanfè pa anyen, sèl ou mwen genyen, sèl pitit mwen
Pou ou lanmò pa anyen, mwen prè poum bay vi mwen, mwen KOUPABBBB

[3eme Verse]
Si legitime defense m fè a deranje'n
Si se paske'm pat aksepte wè dlo nan je
Sim wè lavi'm an jeu, pitit fim an danje, M t prefere tiyon bandi au lieu m t ret gade'l nan je
Si fè job nou nan plas nou son gwo mal nan vim
Si sove lavi pitit fim lan se yon krim
Sim efason nèg ki tabuzel lèl t seul
M garanti'n m pa regrèt , si poum refèt m tap refèl

[TJO Zenny]
Mwen koupabbbb, ou mèt kondane mwen, ooh ooh
Pou ou lanfè pa anyen, sèl ou mwen genyen, sèl pitit mwen


BIOGRAPHY
  • Baptista Lugendy St-Hubert, mieux connu sur la scène Rap Kreyol sous son nom d'artiste "Baky" est né le 6 mai 1991. Originaire du Sud d'Haïti, plus précisément de la ville des Cayes, Baky a été élevé dans une famille musicienne qui lui a légué en héritage le sens du rythme. Inspiré par la réalité haïtienne, Baky a composé ce qui allait devenir le best-seller l'année 2012 : 'Paske'm se ayisyen'. Pour lui, le Rap Kreyol est un reflet de la majorité des frustrations des jeunes et un médium permettant d'évacuer ces frustrations.

    'Paske'm se ayisyen', sa première chanson a été écrite dans des circonstances bien particulières : Á la fin de ses études secondaires, Baky désirait poursuivre ses études en République Dominicaine. Après avoir entendu parler des conditions de vie de certains Haïtiens (voir leur mort brutale) là-bas, sa mère inquiète, donna une fin de non recevoir à sa demande. Baky se sentit habité de sentiments de colère et de frustration extrêmes qu'il canalisa sur du papier.