Tout Se Blof • ZKL

ADDED BY ROICHY (FEB 24, 2018 AT 1:08 PM) 10,289 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2018
Featuring: RoIchY
Produced by: Unlimited Records
Lyrics by: SkenkY ,RoIchY

Intro
Ayiti di l Ase
ZKL nap denonse yo
Tout tout tout se blof x2

Bridge [ MP One ]
Rèv tout ti jèn se yon bout viza
Men yape brase pou yo pa sou bouda
Sèl leta ki pou ta di yon mo pou sa
Olye pou yo fon aksyon epi se yok koz sa

Verse [ SkenkY ]
Ayiti yon ti peyi te dous kou siwo
Dirijan fin souse olyen met men poun metel pi wo (ooooo)
Kale jen poun wè lè neg yap ban manti yo
Kou pral gen eleksyon yap bese tèt pran poz janti yo (HMMM)
Mwen santim vekse jan pèp la nan mizè
Tandis ke gen sak veste yap byen vire nan land cruiser
Chak 5 ans ou wè yon lot kalite betizè
Pa gen travay pou ti jèn se griyen dan pou jis dizè ( RIIIRE)
Jiskilè peyi a ap pwop tankou lot yo
Yo bouke ban fo espwa koul pase mal se pa fot yo
Bay lajan pou lwa vote nan paleman
Pifo timoun ap soufri yo pa ka jwenn ankadreman
Tout se blof mwen SkenkY map denonse yo
Tout sa kap ban pwoblem yo nap fe yon jan poun ranfose yo .

Chorus [MP One,Incredible ]
Rèv tout ti jèn se yon bout viza
Men yape brase pou yo pa sou bouda
Sèl leta ki pou ta di yon mo pou sa
Olye pou yo fon aksyon epi se yok koz sa

Yo di Ayiti pral rejwi
Li pap gen fatra nan lari
Gen anpil anplwa ki pral ouvri x2 Tout Se Blof
Tout se blof (ehhh)
tout se blof (ohhhh)
Tout se blof (anh anh)

Rèv tout ti jèn se yon bout viza
Men yape brase pou yo pa sou bouda

Verse ''[ RoichY ]
Sa map viv la eske se yon lafen du monnnde
Mpa ka di anyen kom son telefon ki pa gen onnnde
Mwen bouke rete bèbè men jodi a fok mwen pale
Ayiti se peyim avèl fom rete konekte
Yo ba nou blof
Yo ba nou jof
Istwa peyin kache nan kof
Chak prezidan ki pase kite move gou tankou jiwof
Depiw se malere anh se ou ki anto
Nenpot deblozay ki pete se yo k pot mizè d orrr
Pou yon peyi avanse nou pa dwe nan patipri
Le w gade siw pa gro zouzoun an verite wap soufri
Yo ba nou kou kou
Trete nou poupou
Moun ap mouri grangou
Nou pa gen sekou (UHHH JEZI)
Paran ti jèn nan fè kont efo pou yo ka konte sou li
Ti jèn nan redi fè tout klas kounya lap grate santi ( Sa pa bon)

Chorus [MP One,Incredible ]
Rèv tout ti jèn se yon bout viza
Men yape brase pou yo pa sou bouda
Sèl leta ki pou ta di yon mo pou sa
Olye pou yo fon aksyon epi se yok koz sa

Yo di Ayiti pral rejwi
Li pap gen fatra nan lari
Gen anpil anplwa ki pral ouvri x2 Tout Se Blof
Tout se blof (ehhh)
tout se blof (ohhhh)
Tout se blof (anh anh)

Rèv tout ti jèn se yon bout viza
Men yape brase pou yo pa sou bouda

[President Speech]
Euhhh Pèp la nou met kontinye kwè nan mwen ,paske map travay pou nou ,timoun yo ap sispann soufri
E an plis tout moun ap sispann mache sou fatra nan lari a ,fon sispann peye blackout
Mpa di tout moun ap k viv nan luxe non men chak sitwayen ap gen mwayen pou yo woule yon ti machin
Paske viktwam se viktwa nou

Ahhhh TOUT SE BLOF

Blof blof blof blof tout moun sou blof blof blof