Van Pran Yo [Kanaval 2018] • Maestro

ADDED BY DIDIER (FEB 1, 2018 AT 12:29 AM) 7,401 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2018
Featuring: Michael Guirand (Vayb)
Produced by: Ti Ansyto

Di yo sa nou sonnen on lòt jan

Ane sa n fè bagay yo on lòt jan – oh yeah
Tout timoun vini pou nou bay bon jan – oh yea
Sa k renmen m yo – men anlè
Sa k avè m yo – men anlè
Sa kap tann yo

Fè m tande men nou – pla pla pla pla pla
Si n renmen djaz la – pla pla pla pla pla
Si n tap tann Vayb sa – pla pla pla pla pla
Si renmen djaz la

Ane sa n fè bagay yo on lòt jan – oh yeah
Tout timedam vini pou nou bay bon jan – oh yea
Sa k renmen m yo – men anlè
Sa k avè m yo – men anlè
Sa kap tann yo

Fè m tande men nou – pla pla pla pla pla
Si n renmen djaz la – pla pla pla pla pla
Si n tap tann Vayb sa – pla pla pla pla pla
Si renmen djaz la

Woy woy woy woy
Yo pa ka manyen n anlè n ye
(3x)

Sak pa vle mache - atè
Sa ki mal kanpe - atè

Sak kanpe pa back - atè
Atè atè plat
Sa kap kritike – atè
Ki di n pap pase – atè
Sa k pa vle chanjman
Atè Atè atè plat

De konkou kloray eklate nan figi yo
Sa ki pate kwè yo
Sa ki tap ranse yo
Fanatic Vayb yo Fanatik Maestro
Pa kite pye nou atè
Leve de men nou anlè
Leve

Ti medam yo di – anlè n ye
Elèv lekòl yo di – anlè n ye
Kote timoun yo ye – anlè n ye

Pa kite pye nou atè
Leve de men nou anlè
Leve

Blòdè resan m yo – anlè n ye
Chofè taxi moto m yo – anlè n ye
Fanatik Vayb yo – anlè n ye

Ki djaz sa – Maestro Maestro
Men djaz

Sa k devan pa kanpe sa k dèyè avanse
Nan mitan djaz la cho
Maestro ban m van pou m vole
Vole vole pi wo
Vole

Men Michael Guirand
Soti Chile rive Pòtoprens – sa w pote
Pèp Ayisyen an mande sa m pote – anlè n ye
Men kisa m pote
Pote mayo – leve l anlè
Pote chemiz – leve l anlè
Pote drapo – leve l anlè

Vran pran yo
Men bon Vayb la

Chèche ti cha nou pa wè ti cha
Ti To nou pa wè ti To
Yo tout ap farinen – van pran yo
(2x)

Ba yo van
Van pran yo

Toto pou ti to
Kreyòl pale kreyòl konprann
Toto pou ti to
Se sa tout pèp la ap mande
Toto pou ti to
Kreyòl pale kreyòl konprann

Ba l on moto sabouray

Channmas channmas
Men Vayb Maestro a
Map pran bò goch la
Kite mwen pran bò dwat la
Nou pral montre kisa n peze

Moun a goch yo Mika di – leve de men nou anlè
Epoko sa
Moun a dwat yo Ti Hans di – leve de men nou anlè
Wi kounya n pral fè l ansan m
Tout moun – leve de men nou anlè

Ay ah ay ay

Si lanmou pa kenbe l fè l pase
Woy
Si lanmou pa kenbe l fè l pase
Woy

De konkou kloray eklate nan figi yo
Sa ki pate kwè yo
Sa ki tap ranse yo
Fanatic Vayb yo Fanatik Maestro
Pa kite pye nou atè
Leve de men nou anlè
Leve

Profesè lekòl – anlè n ye
Kote rasta yo – anlè n ye
Tout lari a di – anlè n ye

Men Michael Guirand
Soti Chile rive Pòtoprens – sa w pote
Pèp Ayisyen an mande sa m pote – anlè n ye
Men kisa m pote
Pote mayo – leve l anlè
Pote chemiz – leve l anlè
Pote drapo – leve l anlè

Vran pran yo
Men bon Vayb la

Chèche ti cha nou pa wè ti cha
Ti To nou pa wè ti To
Yo tout ap farinen – van pran yo
(2x)

Ba yo van
Van pran yo