Limen Brikè [Kanaval 2018] • T-Vice

ADDED BY DIDIER (FEB 1, 2018 AT 12:07 AM) 8,144 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2018

Mèt beton an lage

Kisa pou n fè ankò
Valè bagay nou fè
Gen sa k pa janm dakò
Pèp la wè yo antò
Yo pito fè konplo tan pou yo bat bravo

Sak avè m
Ann ale batay la kòmanse
Tout solda rasanble
Kenbe fè m
Oh non pa lage
Nou subi twòp abi mwen di fòk sa fini
Pa bezwen fache ban mwen sa m merite

Nikiya nikiya nikiya (2x)

Ayiti chaje pwoblèm Ayiti chaje devèn
Siklòn Mathieu – move pa pote n ale
Siklòn Jòj pase
Siklòn Jeanne pase
Men Irma pase

Ki van n bezwen – van libète
Ki van – egalite
Ki van – fratènite
Se sou channmas depi van sa rive

Vire yo vire yo – mayo
Vire yo vire yo – kepi
Vire yo vire yo – chemiz
Vire yo vire yo
Vire yo vire yo (2x)

Toto
Toto pi rèd
(4x)

Wach se wach – nan dada koripsyon
Wash se wach - nan dada lamizè
Wach se wach – nan dada vole
Wach

E ou menm ti lepè
Panse m te bliye
Sak te fè aktualite a
Sak te fè pawòl anpil la

Chaje malfèktè kap fè move aksyon
Toujou mache ak brikè w prekosyon pa kapon
Si w nan sitiyasyon ou pa konn sa pou w fè
Ale mande Rambo la baw tout solisyon

Tout fanatik T-Vice (3x)
Rale brikè n
Rale rale brikè nou
Rale pou n boule minòt yo

Nap rale brikè n, n ap boule minòt yo – baw (2x)
Boule yo (4x)

Woy kite l tou limen (4x)

Lè Bondye di wi, lèzòm pa ka di non
Beton an se pou nou, se pou nou, se pou nou
Aksepte l

Rele anmwey (3x)
(Repeat)

Men twonbòn original la
Vice2k tonton, chante

Si n vle lòt nasyon respekte n
Fò n ka kòmanse viv nan linite
Chanjman ta dwe priyorite n
Pou grann pwisans yo sispann kritike n

Ede m chante - wo
Ede m rele - ah
Pèp la ap mande – oh
Kot Ayiti prale – ah

Ansan m ann chante – oh
Pou n fè yo tande n – ah
An nou pran konsyans – oh
Pou Ayiti vanse – ah

Ou tap mande pou bagay
Men bagay (3x)

Devan Roro kap grate li
Li pran poz lap fè cho
Devan Roro kap grate li
Poutan se anba l ki cho
Devan Roro kap grate li
Sa n pral fè avè l
Mennen l nan famasi
Pote pomad (7x)
(Repeat)

Mezanmi sa l di la ?
« Nou fèt pou nou met tèt nou ansanm uni nou antan ke frères et sÅ“urs dans le futur pou y opa fè typ de frekantasyon sa avèk nou«

Se pa frekantasyon se frekansite, enbesil

Ayiti chaje pwoblèm Ayiti chaje devèn
Siklòn Mathieu – move pa pote n ale
Siklòn Jòj pase
Siklòn Jeanne pase
Men Irma pase

Ki van n bezwen – van libète
Ki van – egalite
Ki van – fratènite
Se sou channmas depi van sa rive

Vire yo vire yo – mayo
Vire yo vire yo – kepi
Vire yo vire yo – chemiz
Vire yo vire yo
Vire yo vire yo

Toto
Toto pi rèd
(4x)

Wach se wach
Wach se wach

M pral poze w kesyon kite m poze w kesyon
T-Vice avèk Djakout sa w pi pito – T-Vice
Nou pa egare


BIOGRAPHY
  • Being sons of the legendary Robert Martino, Roberto and Reynaldo over 15 years ago embarked on a musical journey that has been a roller-coaster ever since! T-Vice is a Haitian Kompa musical band that formed in 1992. The group was formed by brothers Roberto Martino and Reynaldo Martino. Longtime friends James Cardozo and Gerald Kebreau were soon added making the quartet. In 2005 the band reinvented itself by adding Olivier Duret, Eddy Viau, Rivenson Louissaint and their newly added congas player Ricot Amazan. They are 8 now rocking the concert and bal stages all over the world! T-Vice is known for their catchy lyrics and energetic vibe, as well as the modern party scene they bring into the genre of Kompa.