Ou Mechan [Kanaval 2018] • Roody Roodboy

ADDED BY DIDIER (JAN 26, 2018 AT 11:06 PM) 18,291 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2018
Lyrics by: Roody Roodboy

Eya papa
Yo yo yo yo

Prezidan Roody èske w pap pale de pwoblèm yo
Prezidan Roody ki solisyon w gen pou pwoblèm yo
(2x)

Banm f on ti pale avè nou
Si w peye EDH lakay ou
Mete men w anlè bat men w – pla pla pla
Si w peye DINEPA lakay ou
Mete men w anlè bat men w – pla pla pla

Prezidan Roody èske w pap pale de pwoblèm yo
Prezidan Roody ki solisyon w gen pou pwoblèm yo
(2x)

Bon men pwoblèm pou yo

Entèletyèl paka jwenn travay
Abolotcho ap jwenn chèk mò
Bay zam nan ghetto fè nèg batay
Se sak fè chak jou n konte kèk mò

Jous kilè – bwat leta yo ap sispann gen koripsyon
Jous kilè – nap sispann bay pèp la manti nan eleksyon
Jous kilè – n ap sispann konfonn vyolans avèk opozisyon
Jous kilè – n ap konsyantize pou n bay pèp la bon direksyon

Pèp la nan nesesite manke inivèsite
Pa gen eletrisite, touris pè vin vizite
Fok sa chanje (7x)
Wi fok sa chanje

Timoun yo paka al lekòl pa gen pwodiksyon agrikòl
Palmante san protocol devan blan y ap pòte kòl
Fòk sa chanje
Wi fòk sa chanje

Gaspiye lajan nan fè bèl kanaval
Pa gen ase ekipman nan lopital general
E sekirite a menm li pi mal
Pa gen ankadreman pou polis nasyonal

Woy kafou ayopo – bow tande ou tonbe
Monte Petyonville – bow tande ou tonbe
Pòtay leogan – bow tande ou tonbe
Rive Kafou – bow tande ou tonbe

Konbyen manman, konbyen pitit
Pou w kite ak dlo nan je zanmi m
Fòk sa chanje, fòk nou grandi imaj sa pa bon
Li le li tan pou n aprann reflechi

Le w boule on mache kote w lage madan sara yo
Wap manifeste poukisa w kraze vit machin yo
Pa peye pwofesè kote w lage elèv lekòl yo
Pede fè grèv kote w lage sa k vle travay yo

Woy ou mechan
Anmwey mezanmi ou mechan

Ou di w bezwen mete lapè andan peyi a
Ou di w bezwen sekirite andan peyi a
San w pa janm vle monte chèk lapolis la
Li lè l te tan pou w te voye ale minista

Woy mayo – vire anlè
Mouchwa – vire anlè
Kepi – vire anlè
Drapo – vire anlè
Vire – anlè

Si w ap fete san vyolans mete men dwat anlè
Si w pa gen kouto nan men w leve men goch anlè
Si w pa gen katcha pika leve de men w anlè
E si tout fwa wap byen pase fè m wè nou tout ap balanse
Balanse yo
Again ankò

Zamabrey zamabrey – eya papa eya papa
Woy nou pedi Manno – Manno Charlemagne
Nou pèdi Boulo – Boulo Valcourt
Ou menm ki gen lavi – fòk ou loure li
Fòk ou ka loure li – fòk ou loure li

Louwe, louwe, louwe – Louwe letènèl la
Louwe louwe – de men n anlè pou letènèl la

Oh way (8x)