Kisa Nou Vo • K-Dans

ADDED BY PHKATHIUS1 (DEC 28, 2017 AT 6:20 PM) 12,737 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2017
Featuring: Reginald Cange

[Intro]
Komanse, komanse, komanse, komanse chanje

[Jude]
Nan chita reflechi m'reyalize n'ap viv nan yon peyi
Kote tout efò'w fè pou'w leve tèt ou se les douzes travaux d'hercule
Sèl peyi nan mond lan mwen kwè ki gen des milions de juges
Eske sa ta tuye'w pou'w bay yon lòt valè ke li genyen?
Si ou wè yon frè'w ak yon sè'w k'ap eseye monte
Eske'w panse se rabese'l k'ap fè valè'w ?
Si ou wè yon frè'w ak yon sè'w k'ap eseye bouje
Eske'w kwè se kraze'l k'ape monte ou?

[Reginald]
Nan chita reflechi m'reyalize n'ap viv nan yon peyi
Kote tout efò'w fè pou'w leve tèt ou se les douzes travaux d'hercule
Sèl peyi nan mond lan mwen kwè ki gen des milions de juges
Eske sa ta tuye'w pou'w bay yon lòt valè ke'l genyen?
Si ou wè yon frè'w ak yon sè'w k'ap eseye monte
Eske'w panse se rabese'l k'ap fè valè'w?
Si'w wè yon frè'w ak yon sè'w k'ap eseye bouje
Eske'w panse se diminye'l k'ap fè'w rive?

[Chorus]
Fò nou chita reflechi pou nou konnen sou tè sa kisa nou vo!
[Jude] (Non, Se pa lajan, non se pa bèl oto)

[Reginald] (Se pa kontak, e se pa koulè po)

[Bridge]
[Jude] Se pa nan fanmi'w soti ki fè vrè valè'w
[Reginald] Se pa kantite lajan ou posede ki di ki moun ou ye
[Jude] E se pa sitou on koulè po ki di fòk ou pi wo
[Reginald] Se pa kantite konesans ki fè'w pi bèl an esans
[Jude] Men se lanmou ke'w gen nan kè'w pou frè'w ak sè'w
[Reginald] Nan pataje tout sa'w ka bay pou'w ka ede yo byen
[Jude] Nan rekonfò ke'w ka ba yo pou aleje pènn yo
[Reginald] E konsa'n ka reyalize kisa yon être humain ye vre