San Regrè • Fatal

ADDED BY LILPETER3 (DEC 14, 2017 AT 5:17 AM) 13,291 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Lyrics by: Fatal

[INTRO]
Mkontan jodi an paske yo rim
Mkriye pou on fanm ke m te renmen
Men yo pa kondanem paskem bat yon fanm

Fatal

[REFRAIN]

Map viv vi mwen san regrè
Tout sak pase mkite yo dèye
Ou gaspiyem tout exprè
Komsi se mwenk fe tout erè
Map viv vi mwen san regrè
Tout sak pase mkite yo dèye
Mkonnen sam merite
Pou fanm map toujou gen respè

[VERSE 1]

Yo met tèt anba
Men nou chak gen yon konba
Sak ap bay kout ba
Sak ap pale mal tou ba
Yo rim paskem te kriye
Yo dim pat gen dwa kriye
Moun damou se ti bebe
San dout yo genlè bliye
Se pa nan kod mtavel
Sa poum ta wont mpa wèl
Te jus kite kem pale
Fow ta chanje mond siw pa wèl
Sak ap kritike yo, yo youn pa swete nan plas mwen
Sak ap imilyem yo, youn paka jwenn nan gras mwen
Mpa promèt anyen, mpa regrèt anyen
Met nan tèt ou pa gen moun ki ka fè tèt an mwen
Mfèl paskem te damou mpa fel pou plezi pa moun
Mpa kwe sam te fe a sonw ere mfek kare damou

-[REFRAIN]-

[VERSE 2]

Le kè’w vle gidew, li ka mennenw tout kotew pa vle
Li ka chanje lidew, ka fò’w depale ka fò’w avwe
Ka few kwe nan sak pa vre
Gen relasyonk pa ta dwe
Gon’w mal ki rivew siw pa metrize w ka agravel
Sa te ka pi mal manmanm lopital
Si pat gen bondye k’pou pran kam sa te ka crucial
Kote’k gen chenn pa gen kou m’kite sak rivem yo dèye
M’te nan lapenn men gen moun ki te gen kouraj pou fè’m wè
Santiman pa jwe li gen pouvwa pou’l fè’w fè tenten
Granmoun pa konn jwe men nan lanmou w paka gen grenn
Li ka mennenw li ka trennenw li ka genyenw li ka tenyenw
Li ka fèw pedi bon sans
Ou sitou lew pa fin gen chans
Mt’ofri plis ke lanmou
Tout moun te kwe nan nou
Genlè se premye fwa’w
Te jenn yon atis ki te vle kwè nan ou
Laj pa vle di maturite, ni ou pata ka sipote
Ou pa konn sak vi prive ou pansew gen rezon devan la sosyete

-[REFRAIN]-

Laj pa vle di maturite ni ou pata ka sipote
Ou pa konn sak vi prive ou panse’w gen rezon devan la sosyete