Barikad • P.I.C

ADDED BY LILPETER3 (DEC 3, 2017 AT 4:14 AM) 15,046 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017

[Intro]

Men poukiw repran MIC PIC
Bon lank plim lan poko fini, mvini defini
Bout travay rap red pou sak potko feel li
It´s the P to the I to the C nigga

[Verse 1]
Fizi mwen chanje epòl mpa chanje sezon mchanje pòl
Pa konfonn vitès ak presipitasyon lèm sonje Pòl
Mka pat di bonjou lèm tap vini men map di babay lèm prale
Mfè silans poum pa di sam pa konnen lèm pale
Lapli paka konn lèm bare menm lapli pat konn lèm mare
Lajan se fatra se lakou pwop karyèm yo fèm bale
M’konnen’m pa tap banm vag se sak fèm pat ko deye bras
Mte pwomèt mtap devan mikwo tou otann dèye tas
Si lè li baw ke plen poukisaw ou krache dèye mas
Pwason davril pou nèg kap pede jwe epi kache dèye mas
Sooo, ou ta renmenm di male pandanm konnenn pa regrèt mwen
Ils disent que je suis doué men yo pap edem peye dèt mwen
M’posede petam
Mpat panse panse de etam
Mpran swen bereta,
E’l pa janm two ta pou mwen panse de reta’m
Map viv nonw peyi tier monde e mpa gen foli boss
Anvi kite djol blanch lan pap janm banm foli gloss
Ma’kouche bèl lyrics rèv mwen bay plim mwen foli gwoss
Matirite pa figi bab mgen kontwol tout fo rick ross
Inite bay fomi fòs el pap mouri anba sak sik
Malad rap e’m se sèl medikamank pran ka sak sik
Dom laj poum pote chay em pap febli anba sak sakit
Fristrasyon an se lèm di se petyonvil kanba sak Pic

[Chorus ]
Sajès ak volontem te konbine
San poch pat batize mte konfime
Rèv mwen reyalize san etwal mwen pot ko file
So mlage mizik sa pou tout moun ki tap opine
Mte bay sanm mte bay tanm
Mte aprann koum ap pann pou janm tap sakrifye
Mte pran sanm mte pran tanm
Mpat atann ragagann barikad sa tap rive

[Verse 2]
Lèm wè pi gran ap bay vag m’oblije refon panse
Sitou aprè mixtape sa m’wè m’poko rekonpanse
Lèm ap fèw viv yon Dejavou mse sèl Dad aprè Katafal
Trèt la te toujou makiye menm aprè kanaval
Son’w sistem kowonpi li difisil pou MC viv isi
Ou dim li emposib pou rapè lot zon pran nan BPC
Depi rèv ou se deplase wap an JEU pandanw byen plase
Yap vle figiw ret chifonnen pandan track ou ap byen pase (on piyay)
Mta byen pase se domaj Lavalas pran pon
Mandonw match ki ekitab yo met pye atè fas kranpon
Pa gen mizè se sou mwen sak vle Punch yo mize
PIC bat a pik pou yo ka koule kob yo sponsorize
Mizik ap mache e sikse ap kouri pou nou
Fanatik santil ap viv ebenm pret pou mouri pou nou
Gen ti chen nan foli bel plim ki ka mouri lou
E lèw jwenn kok gage tankoum poukisaw tap mouri pou ou
Moun sot ki pa plenyen mpap mouri swaf anba lapli
Yon MC tet diksyone poukisa se anbal nap li
Fo kontra fo afich de sam viktim souvan
Yanvi banm barikad depi lem tap bim bim sou ban
Le vil an je w pral gad jan bet la danje
Tan poul ta tet atel ta prefere gad granmet la nan je
MC an bay randman alo pa regret ba li grad
E se pep la kap few regert kounyaa siw vle banm barikad
Mixtape lan mbay gratis
E sou karyèm yo sanse fè dap piyanp
Menm jan avem ou nan fe nwa
Siw te panse Fred Hype ki lanp
Yo Hype

[Chorus]