Presizyon • Blaze One

ADDED BY LILPETER3 (DEC 3, 2017 AT 4:09 AM) 14,715 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017

[Verse 1]
Mesye tande’m, on ti silans sèlman map mande nou
Frè’n you panse n’te ka fè plis, se sa y’atann de nou
Rap sonw zouti, yon esntriman poun anseye
Jodia poze kesyon kisa timoun yo pral aprann de nou
Nou fè rap lèd mesye, pandann pa janm imajine
Pou bèl talan k’gen nan mouvman, ki sonw paket presye
Anpil panse ke se bif ki ka menmen rap
Nonw peyi k pa gen fonksyon tout jeune yo ta renmen drop
Rap se prowezi, youn nan gran art fondamantal
Idantite patrimoin haitien pozitif ak mantal
Li te fèt pou angaje pou Black ki pat ka anba je
Se pi gro zam revolisyon ki rann nan nou pi anraje
Yon rapè dwe yon egzanp, yon gid malgre lap vann pasyon
Mesaje nan chak peyi ki la pou fòme yon nasyon
Protocol menm lèl ta thug nan janl akode nan fasonl
Li pata dwe nan bouyi zen ni radi ke machann pwason
Souvann fè fann yo regrete, a teks nou retrete
Tout atis ap voye pwent se sèl aspè nou reflete
Nou pretann ke nap fè game nan fè djolè pou sa’n mete
Poutan si rap te struktire lè nou pati npat ap rete

[Chorus][2x]
Nap fwase rap, mesye nap blaze rap
Fò’n pa janm sispann rele pou dim Vètè sak pase rap
Map lage RHYMES, non non mpap chache PREUVE
Nou konfonn bif ak polemik youn nan rezon kap kraze rap

[Verse 2]
Rap pa zin, rap pa rad em pap janm chante saw mete
Rap ret yon bif pozitif freestyle pa do challenge rete
Souvan lè nou nan lari yo pa rive idantifye`n
Se paske´n two imite blan nou sakrifye idantite´n
Padan e pa de mò ki fèt, e pa de sakrifis
Plizyè frè nou pèdi pou mouvman sa e kat ki pi tris
Nou fè cypher poun blaze lòt, tankou fanm kap twaze lòt
Nap kopye ameriken nou pap fè kob nap kraze lòt
Jodia nou gonw jeuness kap rale drug vale kleren
Poukisa npa fè mizik sou mizè kap vale teren
Mwen mchante poum di poze gun yeah poum di poze gran
Pou jan pionier yo te batay pou piti yo ap woze zong
Bif nap fè a paka rap la pati nap fè mache
Nou fè rap pèdi valè youn nan rezon sa kfèm krache
Twop gason epanoui vin rann mouvman evanoui
Esanm pa fè seman sou vi menm Master G rape fache
Sonje gen on Maniga freestyle debat na rap forum
Epok rape te gen low vin kwaze lòt nap bal korum
Kounyaa tout atis gen souci success li vin poul disrespect
Nenpot jan li paret fow wonw daso kap chache ekip respect
Nou din jerel poutan se nou ki krevel menm
Le yo mande sak kraze rap mvle se nouk pou leve menn
Domaj media pran mod daso sou konsekan
Jounen jodia gad eta rap pandanl gentan sou 35 an.