Ou Chanje Vim • Carlito

ADDED BY LILPETER3 (DEC 2, 2017 AT 6:45 PM) 11,453 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Featuring: Solo Emanly

[Intro]
​​Solo Emanly​​
Yeah Yeah
Carlito And Solo Emanly Hmmmm
Dèfwa Yon Mal Konn Tounen Byen Ouhoooowh

[Refren]
Dèfwa Yon Mal Konn Tounen Byen
Non, M P'ap Janm Bliye Jou'w Te Antre Nan Vi Mwen
Ou Chanje Vi Mwen, Ou Chanje Vi Mwen Baby.
Dèfwa Yon Mal Konn Tounen Byen
Mwen P'ap Janm Bliye Jou'w Te Antre Nan Vi Mwen
Ou Chanje Vi Mwen, Ou Chanje Vi Mwen Ee!!

[Verse]
​​Carlito!​​

Nan Jedi Maten Mwen Te Gen Vwayaj Pou'm Ale Pòtopwens
Dòmi Pran'm Leve a 6è edmi
Lè'm Kouri'm Rive, Bus la ale Kite'm
Tèt Mwen Cho Pasje'm Gon Bagay Enpòtan Pou'm Al Regle
Mwen Fon Poze, Ale Vire Pou'm Wè Si'm Jwenn Lòt Bus
Pou'm Ka Ale Non, Non.
Vwayaj La Rate, M Di M'ap Rezinye'm M'ap Tann Vòl 8è Rive Anh

8è Rive M Monte Bus La Pou'm Ale
Anndan Bus La
Kas Mwen Nan Zòrèy Mwen Mizik M'ap Tande Anh
Gras A Dye Mwen Rive An Byen.
Sou Twa Jou Sou Messenger M Wè Yon Moun Ekri Mwen
Li Di Mwen: Mr Carlito Eske'w Pa Sonje?
Mwen Mande Kiyès Sa
Li Di Mwen Ke Twa Jou Nou Te Monte Menm Bus Ansanm

M Te Pran Tout Tan'm Pou'm Ap Gade'w
Paske'm Te Santi'w Te Mache Nan Sanm..

[Refren]
Dèfwa Yon Mal Konn Tounen Byen
Non, M P'ap Janm Bliye Jou'w Te Antre Nan Vi Mwen
Ou Chanje Vi Mwen, Ou Chanje Vi Mwen Baby.
Dèfwa Yon Mal Konn Tounen Byen
Mwen P'ap Janm Bliye Jou'w Te Antre Nan Vi Mwen
Ou Chanje Vi Mwen, Ou Chanje Vi Mwen Ee!!

[Verse]
Mwen P'at Jan'm Panse Vwayaj Sa Ta Pral Chanje Vi Mwen
Pou Jan'm Te An Kòlè Paske Mwen Te Rate Vwayaj Mwen.
Vwayaj Sa Fè'm Rankontre Fanm Ki Fè Tèt Mwen Vire
Ki Fè'm Santi'm Wè M'ap Viv Byen
Yo Toujou Di Sa Bondye Sere Pou Ou
Lavalas Pa Ka Pote'l Ale
Se Ou Menm Bondye Bb Te Sere Pou Mwen
Se Avè'w Sèlman Mwen Vle Rete Ouh
Mwen Sèmante Avè'w Konnya m'ap Ret Soude
Se Ou Menm Ki Pran Kè'm, Se Ou Sèlman Mwen Vle
Lanmou Mwen Pou Ou Chak Jou Bb Ap Ogmante ee
Kite'm Fon Ti Chante.

Viv Lòlòlòv, Mwen Santi'm Damou
Avè'w M'ap Rete Pou Lavi Tidoudou
Kwè Mwen, M Santi'm Asire Nan Bra'w Oh Oh...
Mèsi Vwayaj Sa'm Pèdi A, Ki Fè'm Ka Kontre Avè'w Jodia.
Dèfwa Yon Mal Konn Tounen Byen, Se Ou Ke Mwen Genyen Babe!!!!