Mwen Pap Separe • Rylax

ADDED BY PHKATHIUS1 (DEC 2, 2017 AT 5:51 PM) 20,086 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Friend Zone
Year: 2017
Lyrics by: John Blanc (JB)

[Intro]
Oh oh, oh oh
Mwen pap separe feeling sa
Oh oh, oh oh
M’pa vle pataje jan’l fè’m santi’m la

[Verse 1]
Gen yon moun mwen kontre
Nan lavi’m li s'on kle ki ouvri tout pòt, pòt, pòt
Li bon pou tout lock, lock, lock
Li g'on jan’l kaptive’m
Depi sou premier regard
Mwen di sa se pa'm, pa'm, pa'm
Li pap fè yon pa
Lè'm avè'l mwen pi fò
Pa gen plas pou feblès
Paske li se fòs mwen
Yon ti touche'l ka fe'm santi mwen anvoute
M’pa vle separe

[Chorus]
Mwen pap separe
M'pa vle pataje, oh oh
Mwen pap separe
M’pa vle pataje, oh oh

[Verse 2]
M’anvi sere'l nan on kofrè
Pou moun pa wè kote'l fè
Kenbe'l pi pre kè'm, kè'm, kè'm
Pou'm ap di'l je t'aime, t'aime, t'aime
M'vle sèvi'l yon doktè
Trete tout maladi ke'l fè
Mwen vle'l pou mwen sèl, sèl, sèl
M'pa vle yon lòt fèl
Li s'on benediksyon Bondye te gen pou mwen
Mwen jwenn li sou wout mwen
Yon ti touche'l ka fè'm santi mwen anvoute
Non, m’pap separe

[Chorus]
Mwen pap separe
M'pa vle pataje, oh oh
Mwen pap separe
M’pa vle pataje, oh oh

[Hook]
Oh oh, oh oh
Mwen pap separe feeling sa
Oh oh, oh oh
M’pa vle pataje jan’l fè’m santi’m la

Cheri m’selfish pou ou

M’santi m’damou
Genlè m’vle fou
M’santi’m damou

[Bridge]
M’te pase tout vi’m ap chèche yon moun
Ki konprann mwen menm jan ak ou
Pa gen manti, ou se lòt mwatye mwen anverite
M’te pase tout vi’m ap chèche yon moun
Ki konprann mwen menm jan ak ou
Pa gen manti, ou se lòt mwatye mwen anverite

[Chorus]
Mwen pap separe
M'pa vle pataje, oh oh
Mwen pap separe
M’pa vle pataje, oh oh