Lavi, Lanmou, Lanmò • LOG IN

ADDED BY PHKATHIUS1 (NOV 9, 2017 AT 4:42 PM) 15,565 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Garde A Vous
Year: 2017
Lyrics by: Jeff Boucher

[Chorus]
Lavi, Lanmou, Lanmò konbine
Yo ban'm yon bebe, Se pitit pa'm li ye
Menm si'w ale, kwè'm m'ap pwoteje'l
M'ap byen elve'l, s'on anj Bondye voye

[Verse 1]
Malgre tout priyè, malgre tout chaplè
Malgre tout efò doktè fè
Malgre m'kenbe men'w
Malgre m'di m'renmen'w
Depi lè'w rive fò'w ale

[Refrain]
Oh wi w'ale ou kite yon bebe
Yon akouchman konplike ou vwayaje
Oh wi w'ale ou kite yon bebe
Yon akouchman koz w'ale

[Verse 2]
Malgre ou ba'l lavi, Malgre m'wè'w nan li
M'santi g'on trou vid prezans ou dwe bouche
Malgre m'kenbe men'w
Malgre m'di m'renmen'w
Depi lè'w rive fò'w ale

[Refrain]
Oh wi w'ale ou kite yon bebe
Yon akouchman konplike ou vwayaje
Oh wi w'ale ou kite yon bebe
Yon akouchman koz w'ale

[Chorus]
Lavi, Lanmou, Lanmò konbine
Yo ban'm yon bebe, Se pitit pa'm li ye
Menm si'w ale, kwè'm m'ap pwoteje'l
M'ap byen elve'l, s'on anj Bondye voye

[Bridge]
Sa'k ta di sa, s'on bebe k'ap konsole'm
Chak fwa mwen gen dlo nan je
Cheri chak fwa m'sonje jan'w kriye
Lè'w t'ap pouse'l, gad jodia ou ale bebi...

[Hook]
Chak fwa m'kenbe'l (Se ou mwen wè)
Cheri, lè l'ap souri (Se ou mwen wè)
Ban'm di'w jan m'wè'w nan li (Se ou mwen wè)
Menm rega li (Se ou mwen wè)

[Bridge]
Sa'k ta di sa, s'on bebe k'ap konsole'm
Chak fwa mwen gen dlo nan je
Chak fwa m'sonje jan'w t'ap kriye
Lè'w t'ap pouse'l, gad jodia ou ale bebi...

[Hook]
Chak fwa m'kenbe'l (Se ou mwen wè)
Cheri, lè l'ap souri (Se ou mwen wè)
Ban'm di'w jan m'wè'w nan li (Se ou mwen wè)
Menm rega li (Se ou mwen wè)

Log in
Fanfan Epav
Et puis Cardial