Paka Ranplase'w • Kenny

ADDED BY PHKATHIUS1 (OCT 26, 2017 AT 4:51 PM) 14,562 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2017
Featuring: Roody RoodBoy

[Intro]
Gwo Bout Mizik Empire
Cheri anmweyyyy

[Chorus]
Pa gen fanm k'ka ranplase ou ou ou ou
Chak jou lanmou’m ogmante pou ou ou ou ou
Cheri andedan'm pou’w ta ye
Pou’w wè jan love nan kè’m nan ape koule
Plezi m’pran nan ou lè’m gade’w
Sa’k fè’m di pyès pap ka ranplase’w

[Kenny]
Fanm devan’w lan li pa ka fè’w way
Menm sil ta you’n kou Hannah Montana
M’pap negosye’w pou rien nan mond sa la
M’pap gen ase mo pou’m ta di’w jan ou fly
Tan m’pat avè’w m’pito die
Bebi lanmou sa ap kouri sou bon ray
San’m pa tonbe m’ap leve’w tankou yon chay
Rezon’m se pa’m kalamite’w ak tou tray
We fire like rifle
Tout moun ap tire, tout rasanble
Jan nou kenbe al trè NICE
M’pa ta vle yon jou pou ta chanje
Kenny pral mande papa
Kenny pral mande mama
M’pral resi mande
Men se kilè m’ka bay bag la

[Chorus]
Pa gen fanm k'ka ranplase ou ou ou ou
Chak jou lanmou’m ogmante pou ou ou ou ou
Cheri andedan'm pou’w ta ye
Pou’w wè jan love nan kè’m nan ape koule
Plezi m’pran nan ou lè’m gade’w
Sa’k fè’m di pyès pap ka ranplase’w

[Roody]
Cheri se ou m’vle pou mandanm mwen
Avè’w m’vle fè rès vi’m sou kabann mwen
Ou fin gate’m nan fason’w souse kann mwen
Gen bagay nan lanmou ke m’poko konnen se pou aprann mwen
Fanm ki djanm tankou’w yo trè ra
Se sa’k fè ke se ou m’vle a
Ou aksepte’m, ou pran’m jan m’ye a
Yo pral di’m fou
Mesye m’pral afiche’m tande deja
Mesye Roody pral marye tande deja
Mesye m'anvi fè pitit tande
M'anvi viv tande, m'damou tande deja
Mesye m’pral afiche’m tande deja
Mesye Roody pral marye tande deja
Mesye m'anvi fè pitit tande
M'anvi viv tande, m'damou tande deja

[Chorus]
Pa gen fanm k'ka ranplase ou ou ou ou
Chak jou lanmou’m ogmante pou ou ou ou ou
Cheri andedan'm pou’w ta ye
Pou’w wè jan love nan kè’m nan ape koule
Plezi m’pran nan ou lè’m gade’w
Sa’k fè’m di pyès pap ka ranplase’w

[Kenny]
Lè m’ap gade’w admire’w
Pa gen pèson k'ka konpare’w
Marye ake mwen ban mwen kè’w
Kite mwen akonpaye’w

[Roody]
Plis lanmou mwens jalouzi
Please an nou marye
Epi pou’n lage nanm nou nan men kris
Please jere’m, dejwe’m, retire tout vis
Epi sonje lanmou se sakrifis

[Hook]
Eh eh eh Cheri m’paka ranplase’w
Eh eh M’paka ranplase’w
Eh eh Cheri m’paka ranplase’w eh eh

[Chorus]
Pa gen fanm k'ka ranplase ou ou ou ou
Chak jou lanmou’m ogmante pou ou ou ou ou
Cheri andedan'm pou’w ta ye
Pou’w wè jan love nan kè’m nan ape koule
Plezi m’pran nan ou lè’m gade’w
Sa’k fè’m di pyès pap ka ranplase’w