Lavi Parèt Difisil[remix] • Shrager Young

ADDED BY JASONM (AUG 23, 2017 AT 1:24 PM) 11,919 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Featuring: Chaby, Jason Baby, Daggy Mr Store Hymne
Produced by: Mommus Beatz & Prodige Music
Lyrics by: Shrager Young, Chaby, Jason Baby, Daggy

[Intro: Jason Baby & Chaby]

[Jason Baby]
Remix, remix

[Chaby]
Ou oh ou
Ou oh ou lavi, lavi

[Verse 1:Shrager Young]

Shrager
Lavi pa fasil gen nèg kal fè move zafè
Map stil ret pozitif ki donk yo mèt move zafè

Map goumen poum manje g'anpil kap vle pou kont mwen
Pase pou mwen fè sa ki mal m pito rete poukont mwen
Nou tout se moun pouki avèm ou pa ka konpare
Siw pa vle bay bouda w pou job yo di wa tounen kan w pare
Fanm nan bay patwon an jwel poul te ka jwenn plas sekretè

Pase poum fè sa ki mal m pito al nan peyi m al sekle tè
Chak joum leve m pa ka manje menm yon ti moso pen
Si te gen leta sou sa yo ta sipoze mete yon fen
M vle montre w san m pa itilize rim rich ak pòv
M fè mizik sa poum montre w lavi pa fasil menm pou moun ki rich ak pòv

[Chorus: Chaby x 2]
Lavi parèt difisil chak jou wape soufri
Fanmi, zanmi ap redi
Timoun nan lari a ape pou jwenn yon avni
Yo san fanmi san z'abri

[Verse 2: Jason Baby]

Sak konn di, san predi
W konn fè tout viw ap redi
San dedi, san medi...
Apeti viv ou konn pèdi
Pwòp chemenw ou konn pèdi
Kòmsiw ansòsele wata di kèk moun yo bani
Mwayen pou konbat lavi
C'est d'accepter de relever les défis
Devan mizè pa febli
Pou pran avantaj soufrans se atakel pa fèb li
M pap diw souri san rezon
Ni soumi san rezon
Mizè konn tèlman potew ale ak viw konn vle fè soumission
San panse pi devan ak richès ou pral fè kolizyon
San z'atann jodiw clochard
Demen w k'ap bay komisyon

Soufrans pap janm fini, men pou ou l ka apeze
Aprè track sa leve kanpe menm siw te sou wout agonize

[Chorus: Chaby x 2]
Lavi parèt difisil chak jou wape soufri
Fanmi, zanmi ap redi
Timoun nan lari a ape pou jwenn yon avni
Yo san fanmi san z'abri

[Verse 3: Daggy Mr Store Hymne]

L-I-F-E,fèm vinn wè ke l S'on Evantuel Konba
Fight ak fòs fè swè fwon pike je Sansé Esansyèl lan black

Lè dizèt vle fè disèt ke Tande son kè w Lanse w
Mizè vle trete w ak H Sonje nan syèl g'on w (G) Je

San konje k nan panché k nan pansé sou sòr' w
Antanke Gran don l ye l'pran tan l' vle pou l ba w

Dèfwa w ta di s'on Karma de ras kap suiv vi w'
On dirait ke Gon'w travay de baz ki pat fini
Lè tout Espwa Sanble done, Gon w Suprise de gras kap vini

Sang succès Vi w Anémi,
Brasé pozitiveman,
Chaché pozisyonman w,

Nan Cycle lan..
Nan Street lan
An Style gran
Street Fighter

Sann siw fè Dream Alé mieux

[Chorus: Chaby x 2]
Lavi parèt difisil chak jou wape soufri
(Lavi, lavi hmm,)
Fanmi, zanmi ap redi
Timoun nan lari a ape pou jwenn yon avni
Yo san fanmi san z'abri