Map Pase • CMB

ADDED BY CMBOFFICIAL (AUG 16, 2017 AT 11:54 AM) 12,821 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2017
Produced by: Myson Beatz & Alleng Beatz
Lyrics by: Carly_tinegotwoua

*pawol mizik map pase CMB*
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹✔📺🎬
*Bs *Refren*
Elanye anye anye anye anye anye anye anye anye(bis)
Neg yo di m pap pase tonè kraze m map pase adje , neg yo di pou m ta pase tonè se sou kadav yo pou m ta mache

pati 1 *Myson Beatz*

Woule tchatcha frape tanbou son fason pou n pwomouvwa kilti *lakay an nou*
Montre jan n fyè ke n se ayisyen desandan afrika ki se *zanzèt an nou*
Bwè tafya rèspèkte boutèy koz nou nan lakou a fow respekte *prensip*
Mache sou 13 pou w pa pile 14 rale mouchwa m souke l koz m wè gen *pousib*
Chèchè m tout lè ou pap jwenn *mwen*
Pase anlè ou pap ka pran *mwen*
Ni wanga ni bal ni sa k kanibal ki ta vle vinn bare jounen *mwen*
Nan men heloim lespri m *ye*
M asirem depi mwen *priye*
Ni wanga ni bal ni sa k kanibal yo pap ka vinn bare jounen *mwen*

*Bs**Refren*
Elanye anye anye anye anye anye anye anye anye(bis)
Neg yo di m pap pase tonè kraze m map pase adje , neg yo di pou m ta pase tonè se sou kadav yo pou m ta mache

*Brige* koral
Nèg yo di se towo male wè si se vwe lè m rive se pa vwe djab la vire do l' l ale

pati 2 *Carly_tinegotwoua*
Yon ti dlo yon ti kafe pou sa m pa *wè yo*
Yon ti envokasyon pou n rale lespri *mistik yo*
Bondye devan mistè yap *gidem*
Kont tout mazanza ki vle *likidem*
M se pitit kosmos la map mache tout lè nati a ap
*ridem*
Mabouya sou vant tan an make *danje*
Timoun granmoun nan lakou ki *pyeje*
Pandan ti moun pa gad granmoun nan *je*
Siw vle grandi pou w toujou *pwoteje* (Bis)

pati3 *Tricky boyyyy*

Jezi o jezi o jezi o jezi o
Wa louvri jem pou m wè kote map met pyan wen

*koral*
Jezi o jezi o jezi o jezi o
Wa louvri janm pou m wè kote map met pyan wen

Gen danje nan *kafou sa*
Menm pi wo pye Mapou *sa*
L'éternel est mon berger je ne manquerai *de rien*
Gen granmoun nan *lakou sa*
Ou pap ka siye *kajou sa*
Tchatcha frape *tanbou*
Yon dwèt pap manje *kalalou sa*

pati 4 *Chillamy*

Adje o lakou sa gen mèt o avan w antre pa bliye *frape o*
Se wè yo wè *mwen* tonè yo pa *konnen mwen*
Mwen se pitit ste cecile li ki banm talan *mwen*
Adje o lakou sa gen *mèt o*
Anvan w antre pa bliye *frape o*
Pa bliyem se nèg dafrik mwen soti nan *ginen*
Yo ta fè mwen si yo te konn rasin *mwen*

Bs -Refren
Elanye anye anye anye anye anye anye anye anye(bis)
Neg yo di m pap pase tonè kraze m map pase adje
neg yo di pou m ta pase tonè se sou kadav yo pou m ta mache