Lanmou'm Pi Fo • Mitche

ADDED BY NEKAB (JUL 18, 2017 AT 9:25 PM) 13,108 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2017
Lyrics by: Nekababy

Bò lakay la
Gen yon tinèg ki fèm Mache
Sou li je mwen brake
Tèlman mkontwole
Rantre soti li
Si li pa genyen fi
Chak poum rive sou li
Mwont lasosyete
Pou yo pa mal jije

Mpa janm sezi konsa
Pou yon nèg boulvèsem konsa
Depil gadem kèm pran sote
Epim dekontwole
Gon janl gadem se oo
Gon janl abiye se oo
Li met chèn nan pyem
Li paralizem

Fòw ta nan plas mwen
Pouw ta konprann
Fòw ta nan klas mwen
Pouw ta aprann
Ke lanmou pa detèmine
Moun ki dwe fèl an premye
Depi li debake
Ou pa wè ou pa tande
Mpap kite timidite
Fèm pa rive an premye
Mpwal deklarel
Kem renmenl ,
Mvle genyenl

Lanmou mwen pi fò
Ke sa moun ka di
Kritikem ou pa
Map kite kèm mennen mwen (2 fwa

Salut! Bo Gòs
Ou fèm pèdi fòs
Chalè kòw lemantem
Met Dife nan ti patim
Fòs ak feblès mwen melanje
Rezistans mwen vin febli
Poum mwen diw mwen vlew papi
Vin kole kò ou a kòm
Pou swèw ap degoute sou kòm

Lanmou mwen pi fò
(Oo li pi fò)
Ke sa moun ka di
(Kite yo di)
Kritikem ou pa
( an an)
Map kite kèm mennen mwen
( kite kè mwen mennen mwen)

Lanmou mwen fi fò
(Oo Li pi fò)
Ke sa moun ka di
(Ke sa moun ka di)
Kritikem ou pa
(Non non)
Map kite kèm mennen mwen

Owi mwen oze
Avre verite
Paske lon fanm renmenw
Ou mèt asirew
Lanmou san fòse
Mesye kwèm sin vle
Sa son sekrè ke nou tout néglige ooooo men men Kompa

Oo oo oo
Ooo ooo lanmou'm pi fò
Oo oo oo
Oo oo oo lanmou'm pi fò

Yon santiman pa dwe kache
Fè kè soufri se pa sal ye
Nou pwal damou kou 2 moun fou
Npwal fè lanmou kon 2 moun fou

Nou pwal damou
(Juré douvan Bondye )
Nou pwal damou
(Mpromèt ou senseriteeem)
Nou pwal damou
Mpap janm trompew dou ou doudou
Nou pwal damou
Ou mèt kwé mwen
Nou pwal damou
A Wi jte le jure
Ouuuuu hummm