Mwen Amoureux • RoIchY

ADDED BY ROICHY (JUN 23, 2017 AT 2:27 PM) 14,491 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2015
Produced by: Unlimited Records
Lyrics by: RoIchY

[Chorus]
Mpat janm panse mtap renmen
Gade kounya mjwenn yon moun mwen renmen
Tout ti zanmim ap lonje dwet sou mwen
Pa anmedem mfout renmen madanm mwen

Mwen amoureux de madanm mwen (ahahaha)
M amoureux de madanm mwen se verite X2
Mwen amoureux de madanm mwen

[Verse 1]
Lontan mwen te yon neg ki player (1/2)
Kunya mjwenn yon moun ki fem vin lover (yeah )
Pou boubout sa mwen vin yon teaser
Le mavel mpa konn dat mbliye l heure
Pou mwen l son galaxy li pa yon BB
Mmet manje nan bouch li wa di son bb (yeah)
Avek ti fanm sa mwen jwenn tout sam vle
San ret poun f ansanm gade se yon bb (se yon bb)
Li gon kouleu manba e nan pen mwen li se manba
Le nap fel ansanm li pran anle mwen menm anba
Li fem rele oulalala mba li sprite mba l koka
Wi ti fanm sa se li'k chwam
E nan poch mwen li se mouchwam
Maten midi swa li text mwen
Pa ban mwen tan pou ex mwen
Sim se Roody li Rutshelle mwen
Poum monte li 'k echel mwen
Fanm sa pa janm ban mwen traka
Pou li mwen se sel wa
Mtande depiw damou AA
Ebyen m AA mesieu

[Chorus]
Mpat janm panse mtap renmen
Gade kounya mjwenn yon moun mwen renmen
Tout ti zanmim ap lonje dwet sou mwen
Pa anmedem mfout renmen madanm mwen

Mwen amoureux de madanm mwen (ahahaha)
M amoureux de madanm mwen se verite X2
Mwen amoureux de madanm mwen

[Verse 2 ]
Li se pou mwen sel
Mwen pap janm vle kite li sel
Le tripot ap pale yo met magi yo mete sel
Yo tankou manje ki san sel
Yo menm di mrenmen ak sel (ou tande )
Pa okipe yo bb mwen menm avew nou fe yon sel
Fon ti chita poum diw sak nan kem nan pa gen limit yo
Tout boss kap koutizew met di yo pou yo pran limit yo
Ou we ti fanm sa mpa bal okenn neg pou li zanmi
Lezom telman Fucker msonje sa Jida te fe Jezi
Mesieu fanm sa two bel mkonn mande eskel konn AA
Vwa li gen yon son dous fe lavim woz mrele l woza
Yap pale yap di oh ke Fanm nan paranm
Sin bezwen konn plis de mwen ket al mande paranm
Li telman klere devanm mpa k konparel ak lot meuf
Pou fet li mdil map bal pijon li dim non bal yon beuf
Fanm sa fe mwen joyeux
M se tristan li menm Iseult
Li se yon perle a mes yeux
E se sak fe mwen amoureux

[Chorus]
Mpat janm panse mtap renmen
Gade kounya mjwenn yon moun mwen renmen
Tout ti zanmim ap lonje dwet sou mwen
Pa anmedem mfout renmen madanm mwen

Mwen amoureux de madanm mwen (ahahaha)
M amoureux de madanm mwen se verite X2
Mwen amoureux de madanm mwen