Siw Banm Yon Ti Chans • Charly Weyn

ADDED BY CHARLYWE (JUN 14, 2017 AT 3:56 PM) 17,506 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Siw Banm Yon Ti Chans
Year: 2017
Produced by: Dream Records
Lyrics by: Mickerson Charlyder Dormetus

[Chorus]
Siw banm yon ti chans ma va eksplikew
Kouman lanmou nan kém pou ou ap grandi
Siw banm yon menm pou yon segond
Ou met kwe mwen lap suffit
Mwen selman anvi diw tout saw fe mwen
Enpak ou fe sou vim janw chame ké an mwen
Siw banm yon chans fon ti tande mwen
M'reyalize ke map few plezi

[Verse 1]
Tanpri fon koute mwen
Please pa repouse mwen
Yon minit deja suffit
Map mandew pa meprize mwen
Lem diw yon minit ap suffit
Men kisa ke mwen vle di
Mwen vle few konprann reyalite'k anndanm ap soufri
M'asire ke lap soulaje si tout fwaw banm souri
Pwomet mwen ke wap tandem
Nenpot janm ye wap tandem
Mpa telman fort nan koze non
Mpa gen langaj men tandem
Pa tandem poutet fizik mwen
Ni bote'm ni bonte mwen
Menm vle'w met an evidans tout sam diw soti nan ké mwen
Pa diw fatige tande mwen
Bebe mta renmenw knprann mwen
Di'm kisa pou mwen fé
Tanpri dim kisa pou mwen fé
Manvi lonje'w la main selman pou lesprim kapab en paix oh

[Chorus]

[Verse II]
Mwen mache nan tout legliz
Nan pye Sen nan tout legliz
Limen balén mande pasaj poum ka genyen'w kom refuge
Girl, m'frape tout pót pou ou
M' mande tout moun pou ou
Lespri'm tounen machandiz
Nanm mwen ak ké'm gon sel deviz
Jodia se chans pa mwen
Kitem di'w koumanm renmn'w
Cheri'w boulvese lespri mwen
Reyelman ou pran tout vi'm
Ou se sél fi lém pa wèw msanti'm malad mwen enfim
Mwen enfim ti mo damou
Mpérdi bon sans mwen m'vle fou
Chak jou'm nan konba ak kè mwen telman lap bat fort pou ou
Jounenm san ou mwen pa an pè non
Kwèm mwen pa gen vi non
Lap difisil pou'w konprann mete'w nan plas mwen wa banm rezon
Viv san ou li pap posib non
San ou mpa itil anyen
Tout tan se ou'm wè nan rèv
Genyen'w gon mizik ou son don
Manvi'w pasem tout eprèv
M'jis di'w sa pou yon rezon
Mwen pa renmen'w a rezèv
Ou gouvène kè mwen tout bon
Siw vlem ka baw yon lot prèv
Pran men'w vin depoze'l sou Kèm ooh

[Chorus]
Yeah, i really love you baby
You still my everything
Charly Weyn Vwa Loray