Lèdmi Pa Tiyow • Jay P Beatz

ADDED BY SADOWSKYMUSICGRO (JUN 12, 2017 AT 7:33 AM) 14,836 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Produced by: Vens Time Music Group & Culture Creole
Lyrics by: Jay P Beatz

Intro
Bwè avè yo manje avè yo se mwen k' pou veye zo mwen.
M bay respè a moun ki bay respè ak moun ki merite respè respè e sak fem fyè (e sak fèm fyè)
Verse I
Yow, depim fet map tande pale d'ipokrizi
M' pat janm bay regl'anyen pou mwen malgre life la pat janm easy
Lekol ak paranm montrem jan poum viv a moun
Yaprann mwen goumen poum fe vim poum pa egri d' byen vir'a moun
M' diw bonjou mèsi siw reponn a danw deyò
Yo ipokrit yap few mal yap fè fèt pou wou a bann deyò
Plis mal ki rivem sèvim leson poum gen sousi lavi
M pap livre nan sak pa sa k' ka anpechem souri a vi
Zanmi ka tiyo'w
Men lèdmi pa tiyo'w
Deja n' konnen n' se edmi dayè li menm li pa fyo'w
Egzanp lan klè jida te livre Jezi a gang li
Ak yon senp bizou san l' pa te menm ouvri gagann li.
Ref
Bwè avè yo manje avè yo se mwen k' pou veye zo mwen
Bwè avè yo map manje avè yo se mwen k' pou veye zo mwen
Ledmi pa tiyo'w
(egzanp lan klè jida te livre jezi a gang li)
Ledmi pa tiyo'w
(ak yon senp bizou san l' pa te menm ouvri gagann li)
Verse II
Je crois en Dieu le père tout puissant ki anwo
Map salye tout zanmim ak tout ipokrit ki nan yo
Sa kap fe sanblan yap banm lebwa se yo ki enspirem 2 ba
Wadèwout avem sou do yo m' pa gen tan poum fe deba
Chak moun kap viv di vi a s'on perpetuel lutte
Moun kap renmen yo fò'n pa pran egzanp sou Roody Petuel Ruth
Hein hein...ou wèm piti w'anvi testem
Ou wè map monte w'anvi pezem
Kotow te ye lèm tap fe efò yo poum monte now w'anvi dejwem.
Lavi a pa fasil siw kwèm manti mande papanm
M' mache a tout lè m pa pè toutè Y'ofrim men djab pa pranm
Map fight hardness gen moun ki pa konn sa.
Pou siksè map redi w'anvi barem menw pap janm konsa.
Siw vle konn zanmiw sou dwèt pouw konte a yon fèb pousantaj wap wè sak gen bonte
Sa ki te la pou yo edew monte pa sezi wè demen se sou do'w yo monte
Map travay di pa sezi siw tande nonm fè gwo bri
M pap sispann simen sou wout siksè koz m konnenl vo pri.
Bridge
Hein hein....
M'bay respè a moun ki bay respè ak moun ki merite respè respè e sak fem fyè (e sak fèm fyè)
M' pap mind de minorite k' pa renmenm yo m' kwè nan tèt mwen Bian m' douw fèm kredi gran frè
Koz edmi pa tiyew,menm lè li ta nyew
Lap plis priye an kachèt pouw ri olye l' tande kriyew
Men saw dwe fè mefyew de ipokrit karesan
Kap pran poz yo avèw menm lè nan yeux'w kaye san.
Paske'.
Ref
Bwè avè yo manje avè yo se mwen k' pou veye zo mwen
Bwè avè yo map manje avè yo se mwen k' pou veye zo mwen
Ledmi pa tiyo'w
(li pap tiyo'w,pap tiyo'w,ledmi pa tiyo'w)
Ledmi pa tiyo'w
(M' mache a tout lè m pa pè toutè yofrim men djab pa pranm.
souw kwèm manti mande papanm)
Outro
M' santi kotem pwale pi lwen pase kotem soti
But g'anpil fwa moun yo wè vim vice versa
M pap mind,m pap mind,m pap mind map lite ak anpil fòs, anpil kouraj
Koz m konnen gen yon bondye kap gadem anlè a.
Itz Jay P.beatz T.O.P

Special thx to : God, My mom &Dad,Bian,Vens