Papa Nèt • K-Zino

ADDED BY PHKATHIUS1 (MAY 12, 2017 AT 5:23 PM) 11,843 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Transition
Year: 2017

[Verse 1]
Youn nan pi gwo dezi’m se te jwenn yon fi pou mwen marye
Malgre li pat fasil sa te vinn reyalize
Et après le mariage, ni mwen ni ou te gen yon sel vizyon
Ouuhhhh

Yon bebe cheri, se sa n’tap chèche
Apre kèk mwa n’trouvel
(M’di mesi Bondye, son fanmi konplè)
Sa se pi gwo richès ki ka egziste andedan yon fanmi
Men pwoblèm lavi fòse mwen vwayaje bebe
Anpil ane gentan pase
Zafè rezidans ap regle (pou fanmi ka jwenn papye)
Tès ADN ke yo mande, se yon pasaj oblije
Rezilta k’pral bay verite

Oh oh apa’l negatif, sa vle di pitit la pa pou mwen non, eh hey

[Chorus]
Lasosyete mèt di sa yo vle
Menm si li konfime mwen pap kanpe
Afeksyon m’gen pou li pap janm chanje
(Men pouki pou’l ta chanje)
Lasosyete mèt di sa yo vle
Menm si li konfime mwen pap kanpe
Afeksyon m’gen pou li pap janm chanje
(wo oh oh wo)

[Bridge]
Menm si m'finn konfime ke li pa pou mwen
Santiman’m pap chanje apre 9 an m’finn abitye
Se pa li ki responsab pouki pou’l peye
Lasosyete ap fawouche’m, yo vle pou’m abandone’l

[Chorus]
Lasosyete mèt di sa yo vle
Menm si li konfime mwen pap kanpe
Afeksyon m’gen pou li pap janm chanje
(Men pouki pou’l ta chanje)
Lasosyete mèt di sa yo vle
Menm si li konfime mwen pap kanpe
Afeksyon m’gen pou li pap janm chanje
(Jamais)

[Bridge]
Menm si m'finn konfime ke li pa pou mwen
Santiman’m pap chanje apre 9 an m’finn abitye
Se pa li ki responsab pouki pou’l peye
Lasosyete ap fawouche’m, yo vle pou’m abandone’l

[Hook]
Chak fwa m’gade li mwen wè (se mwen)
Zanmi, fanmi yo tout di se (pou mwen)
Poutan tès ADN nan di (pitit sa pa pou mwen)
Chak fwa m’gade li mwen wè (se mwen)
Zanmi, fanmi yo tout di se (pou mwen)
Pou sakrifis m’fè pou li, pou travay m’travay
M’papa, m’papa nèt

Ban’m pitan’m male
M’pran gòl a men, m'pran’l nèt

[Hook]
Chak fwa m’gade li mwen wè (se mwen)
Zanmi, fanmi yo tout di se (pou mwen)
Poutan tès ADN nan di (pitit sa pa pou mwen)
Chak fwa m’gade li mwen wè (se mwen)
Zanmi, fanmi yo tout di se (pou mwen)
Pou sakrifis m’fè pou li, pou travay m’travay
M’papa, m’papa nèt