Pou Ou • Enpak Mizik

ADDED BY DIDIER (MAY 12, 2017 AT 1:02 PM) 13,546 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Featuring: John
Produced by: Zoolby

[Verse 1: J-Nathan]
Pou ou m' vle fè tout sak enposib (baby.... Baaaaby)
Paran w yo te mèt kanpe king
(baby.... Baaaaby)
Nap montre yo ke nou renmen
Nap montre yo ke Mwen bezwen w
Nap montre yo tout sa yo di ou fè
Map still toujou kenbe men w
Paske se ou m' vle, maten midi swa avèw map panse
Map plede panse avèw pandan setan yo menm yo vle blo lide'm
M ret kwè yon jou kan mèm, wap pou mwen pap gen pwoblèm
Lè saa ma di Bondye mèsi paske m' genyen w pou mwen sèl
Baby! Mwen konnen m poko posede
Men sèl sa m' garanti-w wap jwenn lanmou jouk tan w bouke
Sèl sa paran'w pa reyalize ke mwen menm avèw se bagay serye.

[Chorus: J-Nathan & John]
Paranw yo pa reyalize
Paranw yo pa reyalize baby
Paranw yo pa reyalize
San ou lavi mwen ap fini...
Ann pa tande yo kap pale
Ann pa tande yo kap pale baby
Ann pa tande yo kap pale
Koz san ou mwen pa gen vi...

[Verse 2: Zoolby XBeatz]
Lanmou'n s'on chedèv, yon jou yo va konprann li;
An n' kenbe pi fèm, paske c nou ki pou defann li;
Yo di mwen pa sanble w, men ou ban m' kè w san enterè;
Just Kite m' gide w mwen garanti w mwen pap fè erè.
Chak segond nan vi mwen avèw ou gen pi bon gou;
M'ap plenyen chak jou, paske fanmi'w pa vle m' pou ou;
Men lanmou n' pi fò ke romeo avèk juliette
Ann evite tande tripotay paske lang yo file tankou jilèt
Mwen pa tip de nèg k'ap pote flè pou ou chak jou;
Pou m' prouve w m damou w, m' ka menm fout touye pou ou;
Pou m' prouve'w jan m' fou pou ou;
Malgre tripotay bòykotaj sou nou, nou still don't mind
E mwen promet ou baby m'ap rete avèw ou just till I'm dyin'

[Bridge: John]
Manman-w pale papa-w pale yo kritike;
Cheri se ou mwen vle se avèw mwen adikte;
Fanmi-w pale zanmi yo di'm pa bon pou ou;
Cherie se ou mwen vle se avew mwen vle reteeeeee...
Fanmi w yo pa reyalize cheriw se batman kè'm
Se bò kotew mwen vle reteeeeee...
Zanmiw yo pa reyalize se ou ki kle kè mwen
Ou se tout sa m' posede

[Chorus: J-Nathan & John]
Paranw yo pa reyalize
Paranw yo pa reyalize baby
Paranw yo pa reyalize
San ou lavi mwen ap fini...
Ann pa tande yo kap pale
Ann pa tande yo kap pale baby
Ann pa tande yo kap pale
Koz san ou mwen pa gen vi...

[Outro: J-Nathan]
Yeah!
Sak enpotan w konnen m' renmenw ma...
So pa okipe moun kap pale baby!
I Love you
Yeaah!
J-NATHAN!!!