Mwen Vle W Mennen M • Alma Danger

ADDED BY GEN11 (APR 25, 2017 AT 11:17 PM) 17,219 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Featuring: Ciyou Paradoks

[ Refren – CIYOU]
Mwen ,mwen vle w mennenm
Mwen vle w mennenm kote lanmou pa vann sou gran chimen
Mwen vle w mennnenm ,mwen vlew mennenm kote kares sèvim zèb poum fimen
Yon lekòl kote sajès se pwofesè
Yon resto kote krachew sèvim desè
Nan yon mond kote richès pa nesesè
Se pou sa baby mwen vlew mennenm

[Ves #1 Alma]
Baby m vle pouw mennenm trennenm jetem kote lanmou kache
M vle pouw toujou kenbe menm pou love an nou an pa gache
Nan love sa m sèl sourit ki pral plis alèz avek chat
Gen yn janw gade mwen lew souri ki fem fokis poum goute chat ou
Bò kotew tankoum nan paradi
M te ka maledve a yè men pandanw la jamèm pa radi
M pase twop tan nan vi player m tap tann yn fanm tankouw nan vim
Sèl fanm ki pa pranm pou rapè se sèl kreyon poum trase vim
De li mwen pasyone,nan li sansasyonm ye ,e poum ouvri pot kè a li san krent m pa sone
Li pa emosyonel ,el pa nan lojik kale tèt
Li renmen wèm a bèl cheve kotem pran tan poum kale tèt

[Refren CIYOU]
Mwen ,mwen vlew mennenm
Mwen vlew mennenm kote lanmou pa vann sou gran chimen
Mwen vlew mennnenm ,mwen vlew mennenm kote kares sèvim zèb poum fimen
Yon lekol kote sajès se pwofesè
Yon resto kote krachew sèvim desè
Nan yon mond kote richès pa nesesè
Se pou sa baby mwen vlew mennenm

[Ves #2 Alma]

Li remèt kèl ,li remèt kol ,li remèt nanm li a mwen
Mwen remèt kèm ,mwen remèt kom mwen vlel fè res vil a mwen
Bbm vlew mennenm lwen kote se lanmou kap seme
Like fanmim zafè jèn ak jèn chak jou se lanmou nap pwone
Sèl fanm kap chache kalitem pandan lap korije defom
Li konn nou pa kok kalite li met amoni menm nan flom
Li pa nan yo,yo,di li pranm pou 2 grenn je nan tèt li
Tèks li fè yoyom di lèm avel m pase men nan tèt li
M pat konn alfabè true love sa moutrem A, B, C
Menm lèm ta gen rezon ou tò devanl m prè poum abese
Sèl fanm m toujou anvi menm lèl te fek la bò kote mwen
E toutan manvi ti bouch li m vle pou dolote mwen Alma...

[RnB –CIYOU]
Sèl ou ,sèl ou m vle nan vim
A ou , a ou mvle fè vim baby oh baby
Pou ou mpa gen anyenm pap fè map swiv ou menm nan lanfè baby oh baby
Ou se sèl fanm ki nan panse mwen
Ou se sèl fanm ki domine mwen
Nan ou mwen jwenn sam tap chèche ieie se pou sa baby mwen vlew mennenm

[Refren]
Mwen ,mwen vlew mennenm
Mwen vlew mennenm kote lanmou pa vann sou gran chimen
Mwen vlew mennnenm ,mwen vlew mennenm kote kares sèvim zèb poum fimen
Yon lekol kote sajès se pwofesè
Yon resto kote krachew sèvim desè
Nan yon mond kote richès pa nesesè
Ouuuuh mwen vlew mennenm