M Pap Egri • 45 Soldiers

ADDED BY GEN11 (APR 21, 2017 AT 6:21 PM) 16,936 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017

[Refren]
M'pap egri pèsòn tande.
Si recho mwen frèt,
Demen mret kwè l' ka cho.
M'pap egri pèsòn tande
Depi tèt pa koupe,
M'espere met chapo.
Si m' wè w'ap mennen
M'pa gen pou m' plenyen.
M'pito travay, pou rèv pa m' reyalize.
Si m' wè w'ap make pwen,
Pandan mwen m'pa gen anyen,
M'pap chita lakay,
M'ap pran lari al brase.
M'pap egri pèsòn tande.
Si recho mwen frèt,
Demen mret kwè l' ka cho.
M'pap egri pèsòn tande
Depi tèt pa koupe,
M'espere met chapo.

[Verse I - Prestans]
M'pa nan travay, pou mwen lavia di.
Pandan ke vwazen an touche chak vandredi.
Lè m' leve maten m'poko wè kòb kafe m'.
Pandan gen lòt moun k'ap manje, k'ap gade m'.
Yo paka ofri m', yo pa konn afè m', yo pa konn lavi m', non! yo pa konn galè m'.
Si yon jou m'ta mande, yon prochen pou ede m'.
M'konn lasosyete, demen pwal kritike m'.
M'la m'pa di way!
Si Jodia w' genyen se paske yè w' te met may.
M'ap mete 2 gan bòks mwen ak lavia m'pwal fay
M'pap janm gen gwo venn, sèlman m'ap mete brenn.
Pran laria, m'al swe grenn mwen, m'pap egri tande.

[Refren]

[Verse II - MIC]
M'pap egri yo, non non di yo m'pap egri yo.
M'paka manje yon pen, men kanmenm m'espere yon griyo.
Si bouch mwen gen gou pat, yon jou la gen bon gou diven yo.
Patron ap bwè wisky,m'ap bwè lanni, men sa se vi yo.
M'ka di sa se vi yo, non m'pap janm fè tchoul yo.
Chak jou m'pran plezi mw,m'kenbe tèt mwen lè defèt yo.
Gen sak mennen vi liks, m'pap anvye l' si pa m' bogota.
M'konnen demen ka miyò, m'espere tout tan l' poko ta.

[Verse III - F The Winner]
Nan pwoblèm pa gen moun ki la pou mwen.
Ak lavi chak jou m'ap plede goumen.
Peze kou mwen
Mache sou mwen
Pwoblèm yo soti pou fè kò sou mwen.
M'pa gen pou m' rayi yon frè m',
Si bagay poko bon nan menm.
M'pa wè anwo, m'pa wè anba,
Sant lajan poko nan nenm.
Moun PA konnen m' paske m' poko gen bèl mwayen.
Bagay yo mèt mangonmen
M'pap monte mòn al kay dwayen.
Non m'pap egri
Pou sa w' genyen tout byen yo nou pwal kite
Men M'ap goumen anvanm mouri pou tout dèt mwen akite.

[Refren]