Nan Ou • Gessica Geneus

ADDED BY GEN11 (MAR 9, 2017 AT 11:25 PM) 13,984 VIEWS EDIT

Genre: Folklore
Year: 2017
Produced by: BelO
Lyrics by: Gessica Geneus

Sa fè lontan ou pa vle di anyen.
Mwen santi nanm ou pati lwen
Anpil fwa m’ wè nou vle bouje,
La perèz fèw pè avanse
Siw gade byen chimen nou fè,
Fò w ta wè tout fòs nou genyen
M pa ka fèl san ou,
Pa lagem poukò m’ Se pa kounyea poun bay legen
Fòk ou sonje kiyès ou ye,
Se pa vre ou se sous peche,
Koze sa, se yon mit li ye
Nan ou lavi grandi, se nanm ou ki nouril.
Reveye w

[Refren]
M’anvi pale avèw, m’anvi diw sak sou kè m
Istwa lanmou sa wap chèche a, se ak tè ou pou li kòmanse
M’anvi pale avèw, m’anvi diw sak sou kèm
Revolisyon sa wap chèche a se ak tèt ou pou li kòmanse.

San reflechi souvan m’ bay kòm,
San pèmisyon souvanl pran kòm.
Tankou yon byen ki san valè , m kitel detwui’l kòmsi l pat pou mwen.
Si w’ di lònè ou pa tande respè,
Men poukisa ou rantre kan menm
Mwen revòlte, mwen santim bouke, mpap ret bouch be sou sa ankò.
Menm si koze yo fè nou mal,
Fòn dakò sispann ipokrizi a
Pa fè kòmsiw pa konprann,
Silans pap ede nou geri ansanm.

[Refren]
M’anvi pale avèw, m’anvi diw sak sou kèm
Istwa lanmou sa wap chèche a, se ak tè ou pou li kòmanse
M’anvi pale avèw, m’anvi diw sak sou kèm
Revolisyon sa wap chèche a se ak tèt ou pou li kòmanse.

Yo diw vanyan, Yo diw potomitan. Yo diw Yo diw…
Yo di ou se rèn, ou se lakansyèl, Yo diw ….
Pou fèw ou pa panse
Pou fèw pa vle pale
Pou fè ou pa kriye
C’est assez, c’est assez, c’est assez…

[Refren]
M’anvi pale avèw, poum dekouvri mystèw
Istwa lanmou sa wap chèche a, se ak tè ou pou li kòmanse
M’anvi pale avèw, m’anvi diw sak sou kèm
Zanmi sa wap chèche a Zanj wap chèche a Ewo wap chèche a gad andedan ou, se
Nan ou li ye…