Vèvè Lokal • Niska

ADDED BY MASAKADIE (MAR 6, 2017 AT 10:18 PM) 33,313 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Featuring: Lòlò (Boukman Eksperyans)
Produced by: Pipo Beats

[Intro]
Pipo Beats
Vèvè local

[Verse 1]
Yo m reprezante Ayiti pye palmis Libète pou pèp nwa
M se gran midi pou solèy M se je lalin pou fènwa
M se sekrè ki kache nan lwa yo
Fòs ki kache nan bwa yo
Pòt pawòl tout espri ginen
Chak lè m pale n ap ka tande vwa yo
M se piti Africa, e tè a s on tè beni
M se fèy tretman gwo midi
M asire tè a s on tè geri
Mwen pote kat pou St Jòj, limyè pou Zeklè
Kwa pou Sen Pòl, Antèn pou St Klè
Flè pou Sen Josèf, èd pou Filomèn
Pè pou Sen Jaklin, pòt pou Sen Pyè
Se vwa pèp sa k bliye wout li, rele m lidè a
M ap plede wete baboukèt nan djòl ti pèp sa nou te vle bride a

[Pre-Chorus]
Se Vodou a ki montre n sa nou ye
Se Ginen an ki montre n sa n ye
Se lanmou an ki fè n wè sa n ye
Se rasin oh no

[Chorus]
Ayibobo, sa s on bon vèvè lokal (2x)
Ayibobo, gad on bon vèvè lokal
Ayibobo, sa s on bon vèvè

[Verse 2]
Gaga, Voudou raga tankou m ap rap
M ap bat kata souke tchacha
Zakata katata, Felema
Lakay pa m pa ka kole baka
Bezwen tande vwa m, tande kè w si wè m pa ta prè w
Madigra zafè w, gen granmoun nan kay la m pa ka pè w
Tout balèn fon w ti limen, nou fè bouch dandi kimen
Met tanbou rasin pou lokal, e m fè bokal rap santi ginen
Mwen bay defi lè m wè m anvi pran yo
M se sèl fanm nan mitan yo
M se swazo k ap fredone rap ak melodi lè m vle dòmi pran yo
M ba w kontè pou w pa mande m priz
Ou k a tande m biz
M ba w sekrè ki gen nan vodou Lè m rele lwa pou w pa tonbe kriz
Rap mwen bese zam ki brake ouvè pòt ki take
Pipo beat ap trase vèvè wap bezwen rap Niska pou w plake

[Pre-chorus]

[Chorus]

[Outro]
M son mistè m son lespri
Men enèji, m se Kongo
Mwen se zeti, mwen tayino
Mwen pa ka bliye tèt mwen
No mwen paka bliye tèt mwen
Mwen paka bliye tèt mwen
Eske w tande (3x)