Ou Trouble M • Dro

ADDED BY GEN11 (MAR 6, 2017 AT 6:54 PM) 23,116 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2017
Featuring: Baky
Produced by: Droo
Lyrics by: Droo, Baky

[Intro]
Oh oh oh oh eya

[Verse 1]
W ap gade m lwen mwen bezwen prè w
Je w nan je m, mwen je m nan kè w
M vle w pou fanm ou vle m pou frè w
Ou vle on zanmi mwen m vle avè w
Ou fè kòmsi w pa konprann anyen nan sa m ap di w la
M ap soufri jan w ap viv la
Ou byen wè sa m santi a

[Pre-chorus]
Lè m gade mwen ou met nan tèt mwen ou vle nan bra mwen
Ou jwe nan mind mwen ou gate mwen
Yeah ou touble mwen baby

[Chorus]
Oh oh oh oh eya
Ou touble m baby (2x)

[Verse 2]
Sa m ap mande w cheri eske w kon sa ki nan tèt mwen
Kisa pou m fè pou w ta wè mwen vle
W ap jwe ak kè mwen m pap ka kenbe
M imajine mwen avè w a de nan chanm pou w jan m ap gate w
M vle montre w koman mwen prè pou m fè bagay serye
Men lè m gade se pa on vi avè m ke w tap chèche
W agase m, w efase m

[Baky]
Baky
Yo dèfwa gen fi ki pa fi lè w prè l
Nan sa w pran la e pa ti lòbèy
M te gen fanm konsa ki te panse l imòtèl
M te vle fèl regrèt pa pou vajans epa ni ògèy
Kwè m petèt m te montre m twò damou
Yon fi konsa k antre nan vi w se kòm yon pwa lou
Lap montre w ke w se zanmi l e rien plus
Ke li pa bezwen w kòm nèg men lè w a lòt fanm li jalou
Jan l aji li montre w li se sèl fanm ke w ta vise
E gen on jan l mòde bouch li li bòw tout vye tanta k ekziste
L ap bò w tout feeling dèfwa sa ka rive ke w glise
Li pran plezi l abiye fason l konnen w pap ka ekziste
Jamè m pap kite w ale, pa di ke w pa wè
Fanm sa ka kraze mind ou fèmen je w lè w wèl son male
E menm si l di w sa fò pou l fon w fason w vyeyi
Fon w jan pou w demake paske fanm sa ka kraze on peyi

[Pre-chorus]

[keyboard]

[Chorus]