Detèminasyon'm • Jason Baby

ADDED BY JASONM (FEB 17, 2017 AT 6:38 PM) 12,856 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2017
Produced by: Mohandas Beatz And Prodige Music
Lyrics by: Jason Baby

[Intro]

It's Jason Baby
A.k.a Jass nigga

[Refren]
Chemin succès m trase
Se jou kap konte poum vanse
M pa care de impasse detèminasyon'm se vanse
Map travay poum fè succès m pa kwè nan chans e
Non m pa kwè nan chans e
Réussite mwen depann de mwen pa gen sou pyès moun mwen konte
Lavi parèt difisil ak li m pap sede
Ak kwayans nan God la map rive hehey

[Verse 1]
Kèk erè m te fè nan vim
M still vle korije
Sak pou te prepare avnim
Yo m te neglije
Gen moun de mwen konn mal opine
Menm sak pap fè note sou 10 de mwen ap mal opine
Pa tanperamanm ou ka wèm son saj ki éduquer
Pou plezi m te motive
Mwèl ka koz'echèk mwen
Ladanl m met yon fren
M deside m papillonner
M pran lavim au sérieux
M kwè nan Bondye m pa yon Athée
M konn succès mpa yon rate
Map Continuer batay menm lè tout bagay parèt tou nwa
Wi m di batay kòmsim te nan véritable final tournoi
Mpa vlew bay vag koz demen poul ka pi fènwa
Rout la met bare pou sorti kanmenm gon yon koulwa
Gen sa ki prè pou anéanti' m
Yo menm al pi lwen kyete anti'm
Fè l'impossible pou yo detwi'm
Konn bliye tèt yo pale de vim
Kè kontan pou yo se tande krim
Koupab nan je yo san kem pa fè krim
Priye pou yo koz mwen pap fè krim
M still ret janm ye map tann bondye benim

[Refren]
Chemin succès m trase
Se jou kap konte poum vanse
M pa care de impasse detèminasyon'm se vanse
Map travay poum fè succès m pa kwè nan chans e
Non m pa kwè nan chans e
Réussite mwen depann de mwen pa gen sou pyès moun mwen konte
Lavi parèt difisil ak li m pap sede
Ak kwayans nan God la map rive hehey

[Verse 2]
Pou'w atterri gen plizye branch
Swa sou yon bato ou yon planch
Se ou k pou fè manÅ“uvre pou fè solèy leve'w sou rivaj lan
Kenbe rèv ou nan tout kòl pa kenbel manch
Pou tèt ou wap bezwen konyans
Réussir pour moi, c'est un désir intense
M kontante ak pam mpa pran nan influence
Pa koute moun kap nwiw pou echèk ou, pou diw pa ka fè mye
Met objektif ou nan tèt ou lite pou li epi vanse
Pran konsyans de tèt ou
Aprann di c'est ma faute chak lèw tonbe pouw ka leve
Ou se sèl gid tèt veye kote wap met pyew kidonk map diw sispann betize
Sèl ou ka pot chanjman nan viw ou dwe batay pou sa men fòw gen volonté
Tout moun pa gen menm kapasite men fòk ou fè efò
N'oublie pas l'effort fait les forts
Wi ak kwayans detèminasyon map rive
Nan je trèt yo m gen poum pa drive ankò
Mwen yo pap jwenn pou livre ankò
Si yap fè tout vi yo se chasè pou yo m gen poum pa jibye ankò
M detemine m kwè
Si se poum exterminer m prè
Wi sim vle exhausser se swè
Yah Devan soufrans map pran kè
Demain m pa vle gen regret
Wi l se sèl santiman mwen pè
Ak destenm mvle fè lapè
Kòmsi mwen avèl se 2 confrè
Map mete kran epi m pap pè nigga

[Refren]
Chemin succès m trase
Se jou kap konte poum vanse
M pa care de impasse detèminasyon'm se vanse
Map travay poum fè succès m pa kwè nan chans e
Non m pa kwè nan chans e
Réussite mwen depann de mwen pa gen sou pyès moun mwen konte
Lavi parèt difisil ak li m pap sede
Ak kwayans nan God la map rive hehey