Fo Grenn [Kanaval 2017] • Les Jumeaux

ADDED BY MASAKADIE (FEB 16, 2017 AT 10:29 PM) 8,766 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017

[Intro]
Chooky maestro
Choockson chofè a
It's Andzy
Jea Fox vokal de lòr
(Jea fox)

Nan fòw espere
Si tèt ou pa koupe
Wap met chapo
Kwèm siw vle
Ou ralew w'kanpe
Ou paka pa mache
Nan lavi tout moun gen kina pa yo
Gen koup ki gen chans yo reyisi
Sak tonbe sou Fo grenn
Sak jwenn bon grenn respè pou yo

[Koral]
Sin vle yon peyi
Fòn triye poun jete tout fo grenn
Ayiti pa yon twotwa
Neg kanpe an fo grenn
Ap tann ti pati payo

[Chooky]
Nap jete fo grenn
Pou nou mete
Nap jete fo grenn
Pou nou ka mete Bon grenn(chante

[Koral]
Sin vle yon peyi
Fòn triye poun jete tout fo grenn
Ayiti pa yon twotwa
Neg kanpe an fo grenn
Ap tann ti pati payo

[Jea fox & koral]

Anpil onè ak respè
Pou sila yo ki viktim
Menmsi nou pat la pou yo
Les jumeaux pap janm bliye yo

[Koral]

Flote drapo pou yo ka wè kote'n kanpe

[Andzy & koral]

Nan inyore pwodwi lokal
Yo pran nan fo grenn
Pou êd entènasyonal
Nan inyore bon grenn
Nan chita flate ministah
Yo pran nan fo grenn
Yo inyore polis nasyonal la
Nan inyore bon grenn
Nan chita inyore sa nou genyen
Yo pran nan fo grenn
Pou nal kouri deyè san renmen
Nan inyore bon grenn
Yap revoke bon anplwaye yo
Yo pran nan fo grenn
Pou yal regle zafè rayo
Nan inyore bon grenn (woyyyy)

[Chooky]
Si nou tap aji an bon grenn
Lè sa devan tout lòt nasyon
Yo tap leve drapo nou wo
Fyète nou pa tap anba pye
Nou tap ka gade yo nan je
Yo pa tap ka vin anbake'n
Hummm a ki figi

[Jea fox &koral]

Gade fo grenn(3fwa)
Gade fo grenn nan ti peyi sa
Gade fo grenn(3fwa)
Gade fo grenn nan ti peyim nan
Yon ti peyi kou Ayiti
Poul chaje tout fo grenn sa yo
Zansèt yo pat goumen pou sa
Nou gen bon grenn ann prouve yo

[Koral]
Jetew fo grenn(2fwa)
Bon grenn nan sonnen Saj...
(Koral)
2k13 (kalandriye maya)
2k14 (j'aime Haiti )..
2k15 (nou pap Fè pa dèyè)
(Leve kanpe )2k16
Nou pral fete 5 kan
Nou pap pran nan (fo grenn)
Oooooo les jumeaux nan lari a
Oooooooo ooooooo
Nan selebre 5 kan
Ooooooo oooooooo

[Chooky & koral]
Bare yo bare yo
Rele bare dèyè yo
Nap bare fo grenn yo
Bare yo bare yo
Rele anmwey dèyè yo
Nap bare blofè yo

[Chooky &koral]

Avan kòk la chante
Ooooooooo
Gen yon grenn la ki pral trayim
Juda li ye
Ooooooooo
Ou menm ou menm menm
Hummmmm
(koral)
Wo ou wo wo ou wo
Peyi sa gon banm fo frenn kap jere
Wo ou wo wo ou wo
Carimi te gon fo grenn ki tap jerel

[chooky & koral]
Siw pa yon fo grenn (hey
Leve menw anlè(leve)
Siw pa yon fo grenn(hey)
Leve demenw anlè(leve)
Leve leve menw(fè yo wèw)3fwa
Wayyyyyyyyy
(Koral)
Wo ou wo wo ou wo
Peyi sa gon banm fo frenn kap jere
Wo ou wo wo ou wo
Carimi te gon fo grenn ki tap jerel

(Choockson &koral)

FBI anvayi peyim yo di
Sa pa deranje
DEA anvayi peyim yo di
Pa kwè sa deranje
Woy Gon dezòd ki fèt nan kay la
Sa pa deranje
Yo vole ak pipirit la
Pa kwè sa deranje

[chooky &koral]

Yo tyeke nèg sou rezo sosyo yo
Yo pran nan fo grenn
Yo inyore jènjan lokal
Nan inyore bon grenn
Achte figi atis etranje
Yo pran nan fo grenn
Yo inyore atis lokal
Nan inyore bon grenn
Kouri dèyè bannann kay vwazen
Yo pran nan fo grenn
Nou inyore bannann lokal la
Nan inyore bon grenn
Nou plis kwè nan pwodwi etranje
Yo pran nan fo grenn
Nou inyore pwodwi lakay nou

[Chooky]

Jay rizzle nou nan dada fo grenn yo
Nap atake fo grenn
Nap dechouke fo grenn yo(2fwa)
Kliiiiiiiiiip pow

(Jea fox&koral)

Yo pran nan fo grenn
Yo meleeeee
Nan inyore bon grenn
Yantraveeeee
Yo pran nan fo grenn
Nan inyore bon grenn

[Choockson & koral]

Kisa Petion teye kisa Dessalines teye
Bon grenn
Wa Henry Christophe mwen di kapwal a mòr
Bon grenn
Yo te batay pou nou pou fè nou sa nou ye
Wiiiiiiiiii
Kounyea sa vin chanje raketè pran peyi a......
Oooooooooooo

[Koral & Chooky]

Gade fo grenn(3fwa)
Gade fo grenn nan ti peyi sa
Gade fo grenn(3fwa)
Gade fo grenn nan ti peyim nan
Men youn ... men yon lòt
Lonje dwèt sou yo......