Tann Jou Paw [Kanaval 2017] • Barikad Crew

ADDED BY TIZER (FEB 10, 2017 AT 9:51 AM) 12,054 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017
Produced by: Fred Hype

[Intro – Fred Hype]
Tann! 
Tann! 
Tann jou pa w la
BC!

[CONDAGANA]
Foli pouvwa fè moun chanje, bliye pwomès yo te konn fè
(Yon bann san konsyans)
Foli boujwa fè moun panse pou l rich li dwe yon atoufè 
(Yo pèdi bon sans)
Yon bout viza fè moun danse, ranpe devan anbasadè 
(Sa se inyorans)
Foli sipèsta fè moun poste tout vye foto pou yo fè wè
(Sa se endesans)

[HOOK - KONDAGANA]
Fò w tann jou pa w 
Tann jou pa w 
M te tann jou pa m 
Tann jou pa w 

[BRITAL]
Gen yon jou pou w pran plezi 
Gen yon jou pou w reflechi 
Gen yon jou pou w soufri 
Gen yon jou pou w rejwi
Gen yon jou ou ka pèdi 
Gen yon jou pou w reyisi 
Gen yon jou si w tonbe
Gen yon jou w ap leve

[IZOLAN]
Nan lavi pesòn moun pa gendwa dekouraje 
Diyite n se fyète n, pinga nou jete l poutèt manje
Menm lè bagay yo pa bon pinga nou fè figi n fennen 
Nou wè jodi n pa konn demen, nan figi nou se mete nen 
Tankou mwen menm, te tann, m te tann jou pa m nan 
Fò w tann fò w, fò w tann jou pa w la 
Fò w tann, pran pasyans 
Fò w tann, gen konfyans
W ap jwenn delivrans

[HOOK - CONDAGANA]
Fò w tann jou pa w 
Tann jou pa w 
M te tann jou pa m 
Tann jou pa w 

[BRITAL]
Gen yon jou pou w pran plezi 
Gen yon jou pou w reflechi 
Gen yon jou pou w soufri 
Gen yon jou pou w rejwi
Gen yon jou ou ka pèdi 
Gen yon jou pou w reyisi 
Gen yon jou si w tonbe
Gen yon jou w ap leve

[BRICKS]
Sou wout ou ka bite, leve menm si w fatige 
Pa rezon pou w mande kite se lè w ki poko rive 
Paske pakou danje e mande anpil kalkil 
M garanti w ou wè vi sa menm pou “Ti Cangé” l pa fasil 
Viv an frè ak pwochen w, ret tann tou pa w 
Se sa k fè m ap jwe kwen, m ap tann jou pa m 
Ti cheri ouvè kalandriye w la prete mwen 
Nan chache jou m ap pase, men si l mal tonbe m ap teke fren

[BRIDGE - FANTOM]
Si w tande yon bri k ap vini 
Lè w gade ou se BC w ap santi tout san w tresayi 
(Wap wè latè kap tranble mayo k ap leve)
Si ou wè yon foul k ap vini
K ap rele anmwe men BC
W ap anvi vin pran yon ti plezi 
(W ap wè men yo ki leve moun yo k ap vole)

[CONDAGANA] 
Ayisyen aprann renmen peyi n 
Sispann pale li mal, pou lòt nasyon pa ri n 
Fè l reviv! 
Nan tèt ansanm n ap fè Ayiti reviv 
Men nan la men n ap fè Ayiti reviv 
Ak ledikasyon n ap fè Ayiti reviv
Ak lapwòpte n ap fè Ayiti reviv

[FANTOM] 
BC dejwe m (anmwe kot BC ap jwe m prale)
BC varye m (anmwe kot BC ap ye la m ye) 
BC trete m (anmwe chak ane li fè m danse) 
Fè m wè men dwat anlè men goch anlè pran pozisyon pou nou rele 
(Men Grandou a)
Barikad la 
(Se nou ki wa)
Nan peyi sa 
(Vire mouchwa)
Vire l konsa 
(Souke tchatcha )
Mwen di se tcha 
(Men grandou a)
Barikad la 
(Se nou ki wa)
Nan peyi sa 
(Vire mouchwa)
Vire ll konsa 
(Souke tchatcha )
One more time!
BC dejwe m (anmwe kot BC ap jwe m prale)
BC varye m (anmwe kot BC ap ye la m ye) 
BC trete m (anmwe chak ane li fè m danse) 
Fè m wè men dwat anlè men goch anlè!

[2nd CHORUS] 
Nou gen lontan n ap ret tann 
(Yon jou delivrans)
Nou gen lontan n ap defann 
(Fyète, endepandans)
Nou gen lontan nou depann 
(De enkonpetans)
Jiskaprezan nou pa konprann 
(Sa se inyorans)
Pou n chanje peyi nou, fò n pa kraze brize 
Pou n ranje peyi nou, fo n alfabetize 
Devlope peyi nou, montre n sivilize 
Nou gen ti peyi nou, an nou voye l monte

[BRITAL BREAK]
Si w santi ou fyè, souke drapo 
Si w santi chalè, retire mayo 
BC mete w anlè, li fè w awoyo 
Leve de men w anlè, pou w voye l monte pi wo
[BRITAL ANIMATION]
Kot sa l ye la ou pa ka tann nan 
Mwen konnen ou pa pwatann nan 
Pa kache anba kabann nan
Defoule w nan mitan bann nan 
Pòtoprens lan pa savann nan 
Pa vin fè gagann nan bann nan 
Lè w kanpe nan mitan janm nan 
Fò w ka rete kanpe djanm

[BRITAL BREAK+BRICKS]
Ooooo
(Wi pa gen prese tande
A prann ret tann tande
Tande waaaa

Tout moun se oh yeah (Oh yeah)
BC say oh yeah (Oh yeah)
Fè m tande n oh yeah (Oh yeah) 
Tout moun se oh yeah!
Mwen te tann jou pa m (2x)
Ou menm tann jou pa w 
Pa gen pou prese, se tann pou w ret tann

[3rd CHORUS]
Gade yo, mizè yo poukò yo 
Gade yo, doulè yo poukò yo

[FANTOM+CHORUS] (2X)
Yo di T BC a geri malad
(Non se pa manti, se verite l geri malad)

[OUTRO]
Hey baby!
Tourne-toi et penche-toi
Ne vas pas trop vite!