M Piwo Pase W [Kanaval 2017] • Roody Roodboy

ADDED BY GEN11 (JAN 22, 2017 AT 12:58 PM) 17,903 VIEWS EDIT

Genre: Kanaval
Year: 2017
Produced by: T-Ansyto
Lyrics by: Roody Roodboy

Yo yo yo yo
N ap byen pase otomatik
Yon hit pa hit tonton

Ale m prale, kanaval la rive
Ale m prale – nan kanaval m pral pran plezi m nan
Ale m prale, kanaval la rive
Ale m prale – se sou channmas m pral pran plezi m nan

Eske ane sa ap chaje bann apye – yes manman
Lapolis pou bay sekirite – yes manman
Eske n ap bay cha a moun ki merite l – yes manman
Ebyen nan ka sa lakay m pa sa rete

Si EDH te ka ban nou kouran 24 sou 24 oh
Nou t ap rele anmwey, bravo pla pla pla
Si CNE te ka ranmase fatra k nan lari yo
Nou t ap rele anmwey, bravo pla pla pla
Si leta te ka voye je sou moun k ap kontwi bò ravinn yo
Nou t ap rele anmwey, bravo pla pla pla
Olye de zam andan gheto si yo te bann lekoòl gratis
Nou t ap rele anmwey, bravo pla pla pla

Apa m pa janm tande pale de analfabetizasyon ankò
Pa gen on bagay youn kòmanse pou lòt la vle kontinye

Pè ki devan m nan eske w konn li – wii
Eske w konn ekri – wii
M pral bay dikte vin repete pou mwen

P O W – pow
Repete pou mwen
P A W – paw
Repete repete

Igwaz, igwaz nan dada yo
Igwaz sa k pa konn lesson yo
Igwaz sa k pa vle edikasyon yo
Igwaz, igwaz Igwaz, igwaz

Rive devan kazèn oh – se wotè nap chèche
Rive devan palè oh – se wotè nap chèche
Rive sou channmas oh – se wotè nap chèche
Lè n rive devan Rex oh – se wotè nap chèche

Ay ay ay

Tonnymix – piwo pase w
DJ Fanfan – piwo pase w
Men Valmix – piwo pase w
DJ Constan – piwo pase w
DJ Nay – piwo pase w
DJ Roger – piwo pase w
DJ Kach Kach – piwo pase w

Eya papa – piwo pase w
Bakara – piwo pase w
Vorbe et Fils – piwo pase w
Lesly Center – piwo pase w
Haitnet – piwo pase w
Kroyolito – piwo pase w
Tirezone – piwo pase w
Comme Il Faut – piwo pase w

Manifestasyon pa bezwen gen kraze brize ankò
Pèp la pa dwe nan pede boule kawotchou ankò
Si siklòn pase pa dwe gen anpil moun mouri ankò
Si nou dakò ak sa nou di yo fè n wè nou tout chante

Mayo Ankè – anlè
Mouchwa anlè – anlè
Kepi anlè – anlè
Drapo anlè – anlè
Fè m wè yo anlè – anlè (10x)

Maestro fè van

Mete de menn anlè, met de men sou tèt
Pote Black EZ, pote plezi
Selebre lavi, sonje l wi

Mete de menn anlè, met de men sou tèt
Balanse l a dwat, balanse l a goch