Ton Nwèl Mwen Anvi Wè W • Stael

ADDED BY NATOU (DEC 19, 2016 AT 11:16 PM) 17,169 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016

[Verse I]
Yon ti machin polis balon ak bisiklèt
Yon bèl tablèt ak psp se yo bèl jwèt wi
Al yon kote tout timoun ansanm gen resanblans
Pou pa gen diferans nan mitann
Se yon espas wap ka desann pou vin prann
Ton Nwèl fèm wèw tanpri souple
Mwen te saj M pat fe dezòd diran tout yon lane
Se vwa mwen tande mwen ton nwèl
Fèm wè ou mwen anvi wè ou

[Chorus]
Tonton Nwèl (ton nwèl)
Se ou ke map ret tann
Fè mwen wèw (ton nwèl)

[Verse II]
Ton nwèl ou konnen n'anvi wè'w
Pou seleksyon Ekip lane wap fè a ou konnen n'anvi jwè'w
Depi Map grandi wap ban'm kado m'pa jan'm we'w
Fè lè'm di wap vini gen nan yo'k toujou Pa janm kwe'w
Eske'w se neg a bab la neg bone nan tèt la
Neg Ak ti linet kap rasanble ti moun bò tab la
Ki ka fè'w jwenn souri men'm lè'w kouche Sou kad la
Ki pran Nou tout pou yon'n men'm lè'w gon Kay an mab boy
M'toujou santi nwèl se ou se mw se li
Men pou'm pa konfan'n nwèl se lanmou si non se ki
Sak ka dola pou tout moun engam ou sou beki
Si'w ka pron kola on pen dola kontantew di mesi
Yon moman de pataj san nou Pa konte laj
Simaye la jwa pandan lane a Ap chanje paj
Gen Sak pral nan mes konfese pou jwenn pasaj.
Gen Sak pral nan vèy de nuit reveyon gen Sak pral peye gaj

[Bridge]
Hoo Mouche Ton Nwèl fèm wèw
E mwen kwèw se lespwa
Ou se fèt pataj ak respè
Retiren nan fènwè
Hoo mouche Ton Nwèl fèm wèw
Ou se sèl grenn lespwa
Ki pou ban nou lajwa
Hoo fèm wèw

Ton Nwèl fèm wèw tanpri souple
Mwen te saj M pat fe dezòd diran tout yon lane
Se vwa mwen tande mwen ton nwèl
Fèm wè ou mwen anvi wè ou

[Chorus]
Tonton Nwèl (ton nwèl)
Se ou ke map ret tann
Fè mwen wèw (ton nwèl)