Imparfait • Harmonik

ADDED BY PHKATHIUS1 (DEC 8, 2016 AT 3:50 PM) 23,611 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Degaje
Year: 2016

Imparfait-HMK

[Verse 1]
Fò’w wè a priori, gen anpil bagay pou'm di
Nou pa bezwen fè bwi, ni kreye kalomni
Pou jan n’ap mal aji, nou pa de timoun piti
Nou bay tout enpòtans ak sa ki pa fè sans
Nou vinn gen repiyans, jete tout tolerans
Nou te yon referans pou sa ki kwè nan womans

[Chorus]
Nou imparfait
Nou toujou prè pou’n fè lagè
Nou san mezi nan sa n’ap di
Nou pat janm fè konpromi
Mwen rete kwè nou nan lanfè
Ou pa wè nou san limyè
Malgre’n soufri peri pesi
Gade jan n’ap mal fini

[Verse 2]
Men mwen m’ouvè de bra’m
Pou nou sispann fè dram
Joure se pi gwo zam
Se fòt pa’w, se fòt pa’m
Lanmou nou pèdi cham
Gad eta’w, gad eta’m

[Chorus]
Nou imparfait
Nou toujou prè pou’n fè lagè
Nou san mezi nan sa n’ap di
Nou pat janm fè konpromi
Mwen rete kwè nou nan lanfè
Ou pa wè nou san limyè
Malgre’n soufri peri pesi
Gade jan n’ap mal fini

[Refrain]
Demisyone, mwen demisyone
Dekouraje, mwen dekouraje
Demisyone, mwen demisyone
Dekouraje, mwen dekouraje

[Bridge 1]
Lanmou fè tan pase
Mais l’amour entre nous c’est le passé
Nou fè twòp chwa ki opoze
Mwen di c’en est assez
Mwen a bout de course, se fòs mwen’k kase
Sèl chwa m’genyen se demisyone yeah

[Refrain]
Demisyone, mwen demisyone
Dekouraje, mwen dekouraje
Demisyone, mwen demisyone
Dekouraje, mwen dekouraje

[Bridge 1]
Lanmou fè tan pase
Mais l’amour entre nous c’est le passé
Nou fè twòp chwa ki opoze
Mwen di c’en est assez
Mwen a bout de course, se fòs mwen’k kase
Sèl chwa m’genyen se demisyone yeah

Cheri men lèt la
(Cheri men lèt la)
(Anmweyyy…)
Lèt demisyon an
Bagay sa twòp pou mwen

Harmonik…

Cheri men lèt la
(Cheri men lèt la)
Lèt demisyon an
Bagay sa twòp pou mwen
(Gad’on sezisman)

[Bridge 2]
M’ap mande eske se mwen, oubyen ou menm
K’ap viv dans le déni
M’ap mande kisa’k pase
Nou te komanse byen, gad kote’n abouti

[Hook]
Lanmou nou echwe, wi li echwe
Fòk nou aksepte se fòt nou tou le de
Lanmou nou echwe, wi li echwe
Fòk nou aksepte se fòt nou tou le de

[Bridge 2]
M’ap mande eske se mwen, oubyen ou menm
K’ap viv dans le déni
M’ap mande kisa’k pase
Nou te komanse byen, gad kote’n abouti

[Hook]
Lanmou nou echwe, wi li echwe
Fòk nou aksepte se fòt nou tou le de
Lanmou nou echwe, wi li echwe
Fòk nou aksepte se fòt nou tou le de