Pap Negosye W • Harmonik

ADDED BY TIZER (DEC 8, 2016 AT 1:55 PM) 26,049 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Degaje
Year: 2016

[Intro]
Pap negosye w,
Mwen pap negosye ou dodou
Menm si w ale, m ap vin chèche w kanmèm

[Verse 1]
Sa fè de zan depi mwen damou
Malgre tout sa mwen fè pou m pa aji tankou moun fou
Mwen konnen byen w ap obsève m
Ou tande bri kouri sou mwen tout kote
Pawòl moun di fè w ap make m
Se sa k fè ou mete m nan penitans

[Chorus]
Mwen pa vle w fè m peye
Mwen pa bezwen peye
Pa vle peye pou feblès mwen
Se lanmou (3x)
Mwen pa vle w fè m peye
Mwen pa bezwen peye
Pa yon kado Bondye mete nan kè m
Se lanmou (3x)

[Verse 2]
Men aprezan mwen deside montre w yon lòt moun
Yon lòt aspè de mwen
Cheri pa dezekilibre m
Mèt ekri w ou pap pran plim lan pou reponn
Ou wè vilnerabilite m
M ap tann ou vin wete m nan penitans mwen

[Chorus]

[Hook]
Pap negosye w
Mwen pap negosye ou doudou
Menm si w ale, m ap vin chèche w kanmèm
Pap negosye w
Mwen pap negosye ou doudou
Menm si w ale

[Keyboard solo]
O ou wo
Mwen toujou mande kijan ou ye
O o, o o
Wo ou pa mande m kòman mwen ye
O o, o o
Mwen toujou mande kijan ou ye
O o, o o
Ou pa mande m kòman m ye
O o, o o

[Verse 3]
Si w pa ni vi m, pou mwen se pi gwo krim – nan vi mwen
Yon krim ki ka paralize m
M ap gad telefòn nan m pa wè w ekri m – ekri mwen
Mwen konnen w gen pawòl pou di m
Li fè m mal jan m tande moun ap dekri – lavi mwen
Doudou mwen pape jwe viktim
Sou entènèt la se pa de kout plim – sou do mwen
Poutan w konnen mwen plis ke tout zòt k ap pale yo

[Chorus]
Ou fè m wè gen lanmou toujou
Ou fè m wè gen lanmou

[Verse 3]

[Keyboard solo]
O ou wo
Mwen toujou mande kijan ou ye
O o, o o
Wo ou pa mande m kòman mwen ye
O o, o o
Mwen toujou mande kijan ou ye
O o, o o
O ou pa mande m kòman m ye