Pwomes Ou Nwèl • Hero-G & Liyou

ADDED BY VONSHI (DEC 5, 2016 AT 9:13 PM) 16,559 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: B-Jay, Rosa, J-Wayne, Puchy Feros

[Hero-G]
Chak ane'w di wap vini men nap mande kote'w
Nou met panse w ap vini ton nwèl nou pran poto
Lè w konn pase nan peyi n nou te konn briyeeee
Konnya se diferan kifè nou tout divize
Ton nwèl bouke tann ou ou ban nou twòp manti
Paske w fidèl ak pwomès ou konn fè nou souri
Chak desanm toujou ap veye ki kote wap soti
Sak desann vin rankontre w poutan w pa janm soti

[Koral]
Nap ret tann ou pa vini
Poukisa w te fè n pwomès
Ou te di nou wap fè n souri
Poutan w pa janm fon ti jès
Ou ou ou ou ou ou ou(bis)
Poukisa w te fen pwomes
Poukiw pa jan fon ti jes

[B-Jay]
Tout pwomes ou fè'n li tounen defet
Lot nasyon kap gade'n yo menm wè erè nou
Yo menm di kilè ke ou te tonton nou
M ta swete ou desann Ayiti yon bon jou
Depim piti map mande poukisa pa janm gen yon foto nwel ki nwè
Chak desanm map ret tann yon gita
Jiska prezan mwen pa janm ka wè'l
Eske se paske ou gen koulè blan ki fè ton nwèl ou vin rasis
Ou pase nan tout peyi blan se komsi Ayiti pap viv
Chak jou'n leve nan veye kilè jou a preske rive
Se kay vwazen ou ap tande se chak jou ton nwèl ou pase

[Rosa]
Ou fè nap veye jiskaske'l minwi
Men nou pa janm wè'w jiskan tan fini
Ane sa ton nwel nou pap pran'l nan men'w
Si'w gon fo pwomes ou met kenbe'l nan men'w

[J-Wayne]
Jodia sa son gran jou nou ap fete
Ouvri chanpay koupe gato koz li son bel moman
Fè'l ak tout kè'w ou met rezinye'w
Chak ala chanpay vle wèw depi lontan
Genyen'k vle nan plas ou fè sa ki jis
Genyen'k vle pran plas ou fè sakris
Oh ou di wap la n' pa janm ka wè ou
Kenbe pwomes sa konsa nou va kwè ou

[Liyou]
Wi wap vini ou te pwomet nou yon meyè vi
Si'w pa vini kijan nap fè pou'n rete uni x2

[Puchy Feros]
Pouki gen soley tan met sonbre
Mwatye somey koz se jou'w nanvi kontre
Nanvi'w sonje lanmou ak prosperite mete nan kwuiy pov sa yo merite
Espwa limyè fè nwa nan kafou yo
Mete konprann nan tout tet sak fou yo
Pou yo konnen egzistans jou sa nan vi yo
Pou sa kap di yo yo bouke ret tann fas ou nan plas dat ou
Ti regretman manman lavyèj nan fè komès ki pèdi yo
Tribilasyon nan chèche vi anba gwo tanpet kote pwomes yo