Brase Rèd • Da Roob

ADDED BY DAROOB (NOV 22, 2016 AT 10:52 AM) 17,769 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: Lion
Produced by: Da Roob
Lyrics by: Da Roob And Lion

Yeah! Yaah!!
Brase Rèd (Nigga!)!! Brase m’ap brase(Annh!)!
Mister Lion !! Where u at nigga?
Da Rooob!!!!

[Verse 1 - Da Roob]
Chak jou san kanpe m’ap brase
Kot Lajan ye m’ape chache
Sa’m gen nan men’m nan pa ase fò’m f’on fason pou yon bon Mil pou’l depase
Bouke fè kòb se sa m’panse
Nan sa’k ka ban’m kòb m’depanse
Nan kous lavi a m’vin lanse’m
Jamè m’pap vin kite pèsòn devanse’m e m’vanse!!
M’chache fè kòb, pou’m di please
M’chache met lòd demen pou’m ka gen plis
M’kase tout kòd tout sa ki negatif
Egzijans sosyete vin fè’m pi kreyatif
M’met 1 devan 0 m’fè’l tounen 10
Sa’k panse m’tap echwe m’fè kanpe freeze
Tout sa ki hate m’ap fè tonbe kriz lè y’ap gade m’ap fè lajan san fè betiz
Nigga m’brase rèd
Kote’k gen kòb m’aprann kanpe
Nan bras mwen lè’m kanpe nigga m’toujou kanpe rèd
Sa’k rete kwè pou’w fè kòb se sèlman fo’w gen djòb
Panse sa se yon panse k’lèd
Prensip lan se konn kòman pou’w use brain ou yon fason zanmi’m pou’w pa pase lèd
Ou bezwen fè kòb? Fòk ou brase rèd. Pa fè lèd!!

[Refren - Da Roob]
Chak jou mwen leve m’ka brase rèd, brase rèd, m’brase rèd (x4)
Brase Rèd! (Brase m’ap brase!)
Chak jou mwen leve nigga mwen ka brase rèd (M’ap chache fè kòb!)
Chak jou mwen leve nigga mwen ka brase rèd (M’ap chache lajan!)
Chak jou mwen leve nigga mwen ka brase rèd, m’ka brase rèd

[Verse 2 - Da Roob]
M’chase konplèks, m’pase yon tès ki se eprèv lavi a
M’chanje kontèks, m’evite vye mès pou’m gen kontwòl lari a
Lajan nan tèt mwen m’tankou yon fou m’pa menm konn sa m’ap ri a (Ha ha!)
M’ap konte vèt menm jan m’ap konte goud ban’m di Ave Maria
M’pa ka pèdi tan nan ranse, tèt mwen pou’m jere, fanmi’m pou’m jere
Kouraj ak tout sajès Bondye m’ka mande
li fè’m pa ranpe, egri m’pa tande
Lè jalou yo vle teke pye’m pou’m tonbe
Granmèt la kenbe’m, pou’m ka kontinye
Fason m’brase fè tout zanmi’m demake
Men m’pa ka care paske pwen pa’m m’ap make
Mond sa pa fè kado m’pa ka pa brase
Bezwen’m anpil fò’m fè kòb pou’m posede
A pwoblèm lavi m’jire pou’m pa sede
Lajan obsede’m, kidonk fò’m brase
M’gen twòp bagay pou’m fè m’pa ka fè lazy
M’ap brase rèd pandan nèg y’ap fè pwezi
Tout sa m’posede man pa pou granmesi
M’di Bondye mèsi, poutèt li soutni’m…

[Refren - Da Roob]
Chak jou mwen leve m’ka brase rèd, brase rèd, m’brase rèd (x4)
Brase Rèd! (Brase m’ap brase!)
Chak jou mwen leve nigga mwen ka brase rèd (M’ap chache fè kòb!)
Chak jou mwen leve nigga mwen ka brase rèd (M’ap chache lajan!)
Chak jou mwen leve nigga mwen ka brase rèd, m’ka brase rèd

[Bridge - Da Roob]
Nan Gonayiv, nou brase rèd
Nan Senmak, tout moun brase rèd
Nan Pòtoprens, nou brase rèd
Tout peyi a, brase rèd
Se tout kote n’ap brase rèd (brase rèd)
Tout peyi a brase rèd ( nou brase rèd)
Se tout kote n’ap brase rèd (brase rèd)
Tout Ayiti k’ap brase rèd (brase rèd)

[Verse 3 - Lion]
Depi’m piti m’grandi nan ban’m tout m’pa bay
M’fè pari rèd, m’fè bras bò lakay
Kit ou voye’m trè lwen, kit ou voye’m trè pre
Lè’m prale nan men’m fò’m g’on ti bagay
Sa fè’m grandi ak li tou nan mind
E m’pap fè tout bras tou nòmal
Depi m’pran lari m’brase rèd, pil bèl cash mwen nan men’m
Medam yo dè ban’m ti babay
Dayè m’konnen lavi s’on konba (nigga)
Brase rèd se don pa’m (nigga!)
Depi bras yo nan bèg , nan street, tout nèt ap pase la
All my hustlers who fight from the day to the night for the money
No matter what, we musta fight so hard to be shine
Nèg geto k’ap brase lari yo(brase lari yo!!)
Brase tout bil yo (brase tout vi yo!)
Lè’n wè polis epi daaan nigga, brase tout vi yo
Ou entèlektyèl, ou pa jwenn djòb mete mind sinon w’ap wè’l (Jayen)
Fò’w brase san rete si’w ta renmen klere k’on H-One my nigga

[Refren - Da Roob]
Chak jou mwen leve m’ka brase rèd, brase rèd, m’brase rèd (x4)
Brase Rèd! (Brase m’ap brase!)
Chak jou mwen leve nigga mwen ka brase rèd (M’ap chache fè kòb!)
Chak jou mwen leve nigga mwen ka brase rèd (M’ap chache lajan!)
Chak jou mwen leve nigga mwen ka brase rèd, m’ka brase rèd

Da Roob
Yeah
Ou konpetan, ou poko ka jwenn djòb, nèg yo pa vle ba’w travay
Se kreye pwòp djòb pa’w. Sa vle di…. FOK OU BRASE RED!!!!