Pa Ka Fè Pitit • Gabel

ADDED BY GEN11 (NOV 20, 2016 AT 12:01 AM) 45,489 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Kenbe Yes Ou
Year: 2016
Featuring: Master Brain
Produced by: Pachou
Lyrics by: Masterbrain

[Verse 1]
Mwen menm ki fin travay m rantre m tou fatige
Mwen fin dezabiye m m benyen pou m al manje
Li g on nouvèl pou l ban mwen, ki pral tranble tout nanm mwen
M di l cheri mwen sous a
Li di m kè l ap rache si l pa di m sa kounya
Lè mwen mande l pou kisa li di m

[Chorus]
Cheri m pa ka fè pitit
Mwen konnen s on ka kritik
Lanmou mande sakrifis
Men si w prale m pap fè selfish
Sa fè lontan nou marye, san bebe fwaye n manke
Kòm pouvwa lòm nan limite n ap lage sa nan men Bondye

[Verse 2]
Li tou dekontwole mind mwen, gad on move news li ban mwen
Li fè m fret li fè m cho
Mwen mande l èske li serye paske m m panse jwe l ap jwe
Li gade m epi l kriye

[Chorus]

[Keyboard solo]
Yeah
Pachou
Oh oh oh

[Chorus 2]
Si w paka manman m pap kite w pou sa
Si w paka manman m pap jije w pou sa
Si w paka manman n ap priye sou sa
Si w paka manman m deja pap papa

Baby listen, mete fanm sou ou, tande sa m pral di w
Fè vi w nan kay la san w pa mande mommy pa fasil
Lè fèt dè mè lakay vwazin nan g on repetisyon
Bòn fèt manman, men m pa vle w panse l gen plis benediksyon – pase w
Yo pap konprann yo pa nan pozysyon w
Fò n chèche fòmil pwoblèm yo avan solisyon
M te pran w pou lavi e m pa wè sak pral fè m ale a
Maladi pap fè m bliye sèman m te fè jou m te marye a
M te di yes nan vye moman M te di yes
Lè sa pa bon M te di yes
Nan kè kontan M te di yes
Nan legliz lan M te di yes
Lè m t ap bò w bag la M te di yes
Just ka lamò M te di yes
M ap kenbe yes mwen

[Keyboard solo]
Gabel
Yeah man
M ap kenbe yes mwen

[Chorus 2]
Si w paka manman m pap kite w pou sa – non mwen pap lage w
Si w paka manman m pap jije w pou sa – nan de pye w map rete, se vre ou pa ka banm baby
Si w paka manman n ap priye sou sa – men lòt yo pa fanm pase w, nou ka adopte
Si w paka manman m deja pap papa – Ansanm n ap traverse, lanmè wouj difikilte

[Verse 3]
Cheri m konnen ke nou pral dechire lè fèt manman lè fèt papa rive
Si se pat ou li te ka mwen, e m konnen ou tap still kenbe men m
Sa fè lontan m ap di w sa kounya, kite m montre w jan m renmen w

[Guitar solo]
Bon Dole
Se Katalog ki bay love

[Chorus]