M Ap Vyeyi • Singe Blanc

ADDED BY JESS24 (NOV 8, 2016 AT 11:28 PM) 111,584 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: BIC

Site Solèy ak Delma
Singe Blanc ak BIC Tizon dife

[Kè]
Sak pase Men m wè chevem ap blanchi
M pa gen andirans ankò Figi m ap fè pli
Tout libido m yo ale
M gad nan dedan bouch mwen M pa gon grenn dan k rete
Sak pase Mwen m wè chevem ap blanchi
M pa gen eneji ankò Figi m ap fè pli
Tout libido m yo ale
An dedan bouch mwen Preske pa gon grenn dan k rete

[Verse 1]
Gen sa kap kouri depanse Fe chiriji pou rajeni
Kouri, pa kouri depanse Mesye dam nap toujou vyeyi
Letan fè tout vant plise Tout fant dan glise
Wè siw pa vyeyi devan lanmò Pyew gentan glise
Tout sa kap vini prale reyalite vi ak pale 2 3 zan pa ane
Figiw ap plise pa babye m diw
Regeneration pa generation Se yon konsèp li ye
Pa bliye ladann nap miltipliye
Vyeyisman touche menm sak stati ke tout sa kap bouje
Tout sa kap bouje pa ka pa vyeyi Twou lanmò pap bouche
Se pa tout cheve blanch ki grandèt
Ou vann jenes ou kredi ou pap ka peyel demen lap trò gran dèt
Rèv pa vizyon e vizyon pa rèv
Fò w genyen yo nan jenes ou Pou demen w pa yon eprèv
E pa tout saw ka met an ekilib L’espace et le temps
Granmoun bezwen on baton poul ret an ekilib Laisse passer le temps

[Kè]

Yow BIC man m pa konprann mwen
Lèm gade nan glas m wè figim fe pli nèt wi la
M wè m gon ekip doulè, Sak fè sa man ?
Hmmmmmm

[Verse 2]
Soti nan small pase nan medium jouk nan extra large
Nou pran matirite nan boule laj
E menm si nan esperans de vi nou gen ti dekalaj
Yon granmoun son timoun ki boule kèk bon mileaj
Lèm te piti m te wè yon bann gro moun
M te vle sanble avek yo M tap priye poum vin granmoun
Priyè a monte laj desann
Men manvi retounen timoun Lèw granmoun wa konprann
Men wap konprann tou se yon benediksyon
Lè sa ka gen ti prekòs Wap penyen yon cheve blan
Se pa tout moun ki gen chans viv lontan
Pitit lòm nan pat viv plis ke 33 zan
Yon moun ki mouri jèn Son moun ki pa viv ase
Tankou yon balèn Ki etenn avan ba jou kase
Yon moun ki viv ase lontan Son konbatan
Ki termine konba lavi a sou yon baton
Zo timoun wòwòt e zo granmoun pa pran
Tou 2 bezwen fèt atansyon pou zòt paske nenpòt ka pran
M renmen jenès pou fòs li mobilize
M renmen vyeyès pou sajès li senbolize
Map pale de laj pandan m gen lavi
Paske de tout fason m son nèg ki gen yon lespri laj
Ni jenès ni vyeyès youn pap rete a vi
E se pa laj ki bay onè nan lavi

[Kè]