Ti Jorel • Chema

ADDED BY JESS24 (NOV 8, 2016 AT 11:21 PM) 42,860 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2016

Yo rele Ti Jorèl yo di l g’onw bèf ki tonbe,
Ti Jorèl file kouto l, rapid l’ale kòche.
Ti Jorèl ap kouri l rive tou swe, tou bouke.
Ti Jorèl rive l jwenn tout baz la gentan pase.

Ti Jorèl pa t pran tan pou l mande kiyès li ye,
Ti Jorèl rale kouto l, li kòmanse koupe.
Ti Jorèl pa t menm sonje met yon sache siman,
Poutan nan koule beton Ti Jorèl se mèt beton an.

Nou konnen bagay sa yo pa janm fèt nan limyè
Depi se gèdè, se toujou nan fènwè.
Nan pran plezi fè gèdè Ti Jorèl kase Sandra.
Sandra se ti sè l li ye, yo menm manman menm papa.

Tout kote Ti Jorèl pase tout moun ap rele l men mèt beton an!
Men ras kabrit la a!

[Kè]
Ti Jorèl mèt beton, Ti Jorèl mèt beton, Ti Jorèl mèt beton.
Li fè beton sou Sandra.
Ti Jorèl ras kabrit, Ti Jorèl ras kabrit, Ti Jorèl ras kabrit,
Li fè gèdè sou sèl la (oay).

[II]
De, twa mwa pase, vant Sandra ap monte.
Maman l, papa l mete l cho pou l di pou kiyès li ye.
Li di Loran se mennaj mwen m’al lakay li pou n pale,
Se rete m rete m wè yon pil nèg k’ape pase.

Rele Loran nan reyinyon vin ak nèg li yo
Lè nèg yo rive yo di fòk Ti Jorèl la tou.
Tout nèg y’ap pale yo di yo te pwoteje
Sandra kanpe l di konsa dènye nèg la pa t mete.

Tout nèg yo reponn se Ti Jorèl ki te dènye
Manman Sandra endispoze
Papa li dekontwole

Tout kote Ti Jorèl pase
Tout moun ap rele l men mèt beton an!
Men ras kabrit la!

[Kè]
Ti Jorèl mèt beton, Ti Jorèl mèt beton, Ti Jorèl mèt beton
Li fè beton sou Sandra.
Ti Jorèl ras kabrit, Ti Jorèl ras kabrit, Ti Jorèl ras kabrit
Li fè gèdè sou sè l la (oay).

[III]
Ti Jorèl kite zòn nan l’al mawon pòtoprens.
Moun ki pa konn Ti Jorèl yo pran li pou yon prens.
Yo tande moun ap rele Ti Jorèl mèt beton
Ti Jorèl vin popilè jouk l’ale nan eleksyon.

Pèp la di yo pran twòp kou nan men entèlektyèl
Ti Jorèl anfas Toto, yo vote Ti Jorèl.
Si w pa t nan baz la w pa ka jwenn pas nan gouvènman an
Se mache fè dyòlè epi gaspiye lajan.

Tout kote Ti Jorèl pase tout moun ap rele l men mèt beton an!
Men Prezidan nou an!

[Kè]
Ti Jorèl prezidan, Ti Jorèl prezidan, Ti Jorèl prezidan
Li prezidan sou Toto
Ti Jorèl mèt beton, Ti Jorèl mèt beton, Ti Jorèl mèt beton
Li fè beton sou pèp la.
Ti Jorèl ras kabrit, Ti Jorèl ras kabrit, Ti Jorèl ras kabrit
Li fè gèdè sou sè l la (oay)
Ti Jorèl mèt beton, Ti Jorèl mèt beton, Ti Jorèl mèt beton
Ti Jorèl ras kabrit, Ti Jorèl ras kabrit, Ti Jorèl ras kabrit
Ti Jorèl… Ti Jorèl… Ti Jorèl…