Ayiti M Prale • Atis Constant

ADDED BY JESS24 (NOV 7, 2016 AT 10:06 PM) 132,032 VIEWS EDIT

Genre: Other
Year: 2016
Lyrics by: Atis Constant

[Intro]
Oho oho oho Oho oho oho
Se peyi m’ nan Ayiti toma m’ nan
Oho oho oho Oho oho oho
Se peyi m’ nan Ayiti cheri m’ nan

[Chorus]
Ayiti m’ prale mwen pap rete
Mwen pral enjoy bo lanmè
Bwè dlo koko bò rivyè
Ole mwen motive pou mal
Ayiti cheri la perle des Antilles

[Verse]
M’ pral ayiti m’ pral pede tchip
M’ pral danse tout rythme mizik
Folklo konpa raga salsa le yap roule w paka chita
M’ pral manje mango fransik
Benyen nan bèl plaj, mayifik
Diri peyi avèk Lalo
Tonmtonm wap jwenn sa agogo
M’ pral bouyi on ti labapen
M’ pral pran yon pwason boukanen
Moun Jacmel yo konnen sa byen
Lèw lakay yo pagen plenyen

[Chorus]
Ayiti m’ prale mwen pap rete
Mwen pral enjoy bo lanmè
Bwè dlo koko bò rivyè
Ole mwen motive pou mal
Ayiti cheri la perle des Antilles
An ale nou pap rete nou pral enjoy bo lanmè
Bwe dlo koko bo rivyè Ole mwen motive
Pou mal ayiti cheri la perle des Antilles

[Vers]
Le w nan peyi m wap enjoy ou
Menm le poch ou pa gen yon klou
Prete yon ti kob nan men ti jean
Pran destinasyon lakay nou
Le w rive nap pran byen swen ou
M ba w konsey lave vant ou
Apre yo pral montrew kaskad
Tout bel plaj ayiti gent ou
Mayi griye ak zaboka
Nanpwen yon bagay pi bon ke sa
Al jeremi manje djaka
Fromaj ak pen se ra se ta

[Chorus]
Ayiti m’ prale mwen pap rete
Mwen pral enjoy bo lanmè
Bwè dlo koko bò rivyè
Ole mwen motive pou mal
Ayiti cheri la perle des Antilles
An ale nou pap rete nou pral enjoy bo lanmè
Bwe dlo koko bo rivyè Ole mwen motive
Pou mal ayiti cheri la perle des Antilles

Atis Constant jwe pou yo
Tout ayisyen k renmen peyi n’ leve de men n anlè
Tout ayisyen k renmen peyi n’ eske n santi nou fyè
Si nou fyè balanse drapo n konsa
Balanse drapo n konsa , konsa, konsa men kòd