Zeeka • Zeekapten

ADDED BY BRIGHTJ (OCT 31, 2016 AT 3:45 PM) 118,522 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Produced by: Seouddrums_Beatz
Lyrics by: Zeekapten

[Intro]
Yea, yeah, yea, yeah
(WÈWÈL)
Plah, Zah,
Zeeka, Zee ( Seouddrums_beatz )

[Hook]
Tout moun vinn pè Zika( ah )
Plis pèl pase sida (ah )
Sak fè yo tout pè’m
Paske’m gen zeeka nan nom mwen( nom, nom, nom )
Tout moun vinn pè zeeka( ah )
Veye a goch a dwat( a dwat )
M vinn fè avèg wè
Ki moun ki vrèman Zeekapten( plah )

[Verse 1]
Twòp foli atis se ranni ranni
Yo vinn fè sou beat
San ayen serye pa janm soti
E’m pap janm bese tèt mwen
Pou al nan tire beef ak lot nèg ki pa nan mezi’m
Ou ka wè ke’m parèt saj
Menm son piti k’entouchab
E’m bouke tande vye atis
Kap fè zorey moun senyen( fèyosenyen )
Mesye map vann nou flo manit
Paske flo nou pa genyen
Depiw tande wind di ( a la traka )
Wap wè tout nèg yo vinn fret
E nan game sa pa gen papa, pa gen rèn e pa gen rwa( ki king sa )
E siw konnen’w se yon rwa
Konnen se mwen’k robin des bois ( robin des bois )
E siw pa byen konprann
Nèg pam al chache konpran’n( chache konpran’n)
Ou pap janm kouri sou mwen
Paske mwen gen yon master brain( wèl pèl kwè )
E siw ta jan’m oze, poze, dekontwole
Mande dosye pou fè gwo koze sou do’m
Se tèt paw ke wap al blo
Paske map fè plis damage, plis dega
Kon bal ala tèt( gad jon piti dezod )
E lèm vize, pa janm vize pou pa met nèg atè frèt
So fon poze san’w si ou konnen’w vrèman renmen karyèw
Se sak fè…

[Hook]
Tout moun vinn pè Zika( ah )
Plis pèl pase sida (ah )
Sak fè yo tout pè’m
Paske’m gen zeeka nan nom mwen( nom, nom, nom )
Tout moun vinn pè zeeka( ah )
Veye a goch a dwat( a dwat )
M vinn fè avèg wè
Ki moun ki vrèman Zeekapten( plah )

[Verse 2]
Ti surnom’m Pablo Escobar
Paske’m konn kijan’m move bricks ( shatta )
E siw ta bezwen yon 4 bar
Ni *** fòm ta byen touche ( ka bye touche )
Mwen pa bezwen bodyguard
Malgre yo ban’m barikad( jiskoubou )
Se paske’m vrèman brital ( they don’t know me )
E’m poko jwenn yon rival ( pa gen rival )
Ki ka vinn mete’m an plas
M’afekte tout mas, tout ras, tout plas
Gad kijan wap balanse, san ou pa vrèman konn sa
Se paske’w gentan pran Zeeka
Kit ou bebe, timoun, granmoun
Paka di ke’m pa nan gouw
E pa gen lot nèg tankou’m ( ok Zeeka )
E rezon ki fè moun pèm
Se paskem poko gen trètman
Yo di chak moun gen demon
Ke yo tout kadnase anndan( ah monchè pa fè yo sa )
E’m pa wè pou ki rezon pèp ayisyen vinn kwè ladan’l
Yon ban’n foli gangster rapè, dèyè pòt, yo nan tchitchi ( yon nan tchitchi )
Mesye pa rive sou mwen konsa
Si’n pa vle’m toupizi’n ( moonboy )
M tèlman chaj’akliriks
M kadi’m gon heavy headz ( production )
Tout nèg ki ak madanm yo
Depi yo wè’m, yo pran panik
Gadon zeeka ki vinn pou nou
M pi move kon young makoutes ( gadon makoute )

[Hook]
Tout moun vinn pè Zika( ah )
Plis pèl pase sida (dah )
Sak fè yo tout pè’m
Paske’m gen zeeka nan nom mwen ( nan, nom,mwen )
Tout moun vinn pè zeeka
Veye a goch a dwat( yo pè zeeka )
M vinn fè avèg wè
Ki moun ki vrèman Zeekapten
Tout moun vinn pè Zika (
Plis pèl pase sida
Sak fè yo tout pè’m,
Paske’m gen zeeka nan nom mwen
Tout moun vinn pè zeeka ( fè pa yo )
M vinn fè avèg wè( fè pa yo )
Ki moun ki vrèman Zeekapten ( fè pa yo )
Fè pa yo/pa yo (4x)