Ti Nèg Chèlbè • Talie

ADDED BY TIZER (FEB 1, 2014 AT 2:36 PM) 19,125 VIEWS EDIT

Genre: Haitian Jazz
Year: 2013
Produced by: Poppy Duverne

Jan l pale, jan l'ap mache l' g'on kalite patikilye
Ki fè'm vle apwoche pou'm di'l de twa ti mo.
M' t'a di'l jan m'renmen stil li, ke m ta vle l mande m danse.
Si'm ta jwenn nèg sa mezanmi m'ta fè gwo lo!

Men si mwen ta ale, pou n ka f'on ti pale
M paka jwenn mo m'tèlman'm trake, tout kò m kòmanse swe.
Si li tonbe ri m, li pa twouve m bèl tifi
M pa konn kisa pou m di, ay Mezanmi.

[Chorus]
Gad j'on ti nèg chèlbè, o li chèlbè
Men m'paka apwoche, sèlman rete gade pandan l'ap anvayi kè mwen
Gad j'on ti nèg chèlbè, o li chèlbè
Men sèl sa m'ka fè se swete ke yon jou se pou mwen l'ap tonbe.

Men jan m'konnen yo toujou di se gason ki pou mache sou fi,
M'panse nan ka sa m'ap oblije fè yon eksepsyon.
Bèl ti gason, mwen wè se pou li tèt mwen ap pati
Sanble fwa sa m'pral f'on deklarasyon!

Men si mwen t'a ale, pou'n ka f'on ti pale.
M'paka jwenn mo m'tèlman'm trake, tout kò'm komanse swe.
Si li tonbe ri'm, li pa twouve'm bèl tifi
M pa konn kisa pou m di, ayay Mezanmi.

[Chorus]
Gad j'on ti nèg chèlbè, o li chèlbè
Men m'paka apwoche l, sèlman rete gade pandan l'ap anvayi kè mwen
Gad j'on ti nèg chèlbè, o li chèlbè
Men sèl sa m'ka fè se swete ke yon jou se pou mwen l'ap tonbe.

[Bridge]
Di m sa pou m fè ak tout santiman sa (Di mwen kisa pou m fè)
Bagay sa tèlman lou, m'paka inyore l.
Di m sa w t'ap fè si ou menm ou te nan ka sa.
Eske w t'ap rete an silans, oubyen tann yon bon moman pou w di l?

[Chorus]
Gad j'on ti nèg chèlbè, o li chèlbè
Men m'paka apwoche'w sèlman rete pandan w'ap anvayi kè mwen.
Gad j'on ti nèg chèlbè, o li chèlbè

Oooh ooo
Map chante l an angle
What a fly boy, you're driving me crazy...