Ou Pa Anyen Nan Zòn Nan • Izolan

ADDED BY NATOU (SEP 29, 2016 AT 9:20 PM) 21,917 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Lyrics by: Izolan

[Intro]
Komanw wè m (x7)

[Hook]
Neg yo gen zam men yo pa gen bal
Neg pa m yo san zam
Men yo kanibal
My nigga (x8)
So what
Depi izolan nan block la
Ou pa anyen nan zone nan

[Verse 1]
Depi kilè n te komandan nou gen foli komande
Gangster pa vle di dan devan bann soumoun nou debòde
Dèfwa nan street la yo pantan lè m ak baz mwen debake
Gen apil moun tou ki kontan janm kon fè fake yo demake
Tout moun konenm se ti nèg bpc menm si m meg tanperaman m pa pussy
M renmen wè neg kap pale de wouzi de menm de pye m m’atake yo easy
M pa wè pouki neg ap fè jalouzi paske map trip nan geto jalouzi
Neg pa m yo tèlman fòkè yo pa kwè nan amatè
Yo pa care ni yo pa pè pou resper yo ka al anba tè
Zo blood cool ak tapajè sometimes tou nou trè fokè
Tande gen neg ki bezwen job mwen
Mwen pap kouri paskem son drop nigga

[Hook]

[Verse 2]
Nan hip hop la m toujou bay sanm
Avèk baz mwen m toujou bay danm
Neg k avè m yo toujou gen kran
Veye meuf ou pou yo pa pranl
Prensip zone nan nou pa vle peson moun vin fe skandal ladanl
Koridor n yo, siri, fizi chaje kanibal ladanl
Gen anpil nèg si pat gen zam yo pa tap janm kapab fè yon aksyon
Yo telman lach yo pa kwe nan ponyet, menm nan jwet kolanget yo pa gason
M bay respè ak baz lobèy fos gang li jis a potay
Fort touron ak lasalin mennen yo pa tripotay
Map di Bondye mesi m nan game nan
Paske li fem pa timid
Li metem wa andan peyi m tankou Jean Bertrand Aristide
Neg geto toujou avem paske mwen pa vle lagè
Yo renmenm tankou ti Jude paskem toujou la pou lapè

[Hook]

[Outro]
Yo m pa vle pèson moun derespekte rap kreyol la
Mwen la
Mwen la
Koman w wè m, koman w wè m