Comfortable • Pasca

ADDED BY SIRGI509 (SEP 11, 2016 AT 9:34 PM) 23,945 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2016
Featuring: Moed
Produced by: Magic Sound

Magic Sound
Popilè Nation

[Intro]
She makes me feel comfortable comfortable (Pasca and Moed)
Comfortable comfortable
She makes me feel comfortable comfortable (Ou pap konprann)
Comfortable comfortable

[Pasca]
Mwen gen yon moun ke mwen renmen anpil
E li toujou la pou mwen
E malgre l’gen yon bann pwoblèm nan vi’l
Li fè komsi sa pa anyen
Pami tout sa m’wè
(Pou mwen se li ki pi bèl)
Elle a du caractère
(Pourtant c’est elle la plus frèle)
E menm si n’pap viv nan menm zon pa gon’w jou n’pa pale nan telefon

[Pre-Chorus]
Li konn tout paj nan liv mwen
(E li di’m tout ti secret k’kache)
Leu m’bo kote’l je’m limen
(Li son’w dra blan e m’pa vle tache’l)

[Refren]
Anpil moun ap chèche konprann
Rezon ke mwen avè’l nou antann
Li evidan pou m’santi’m alèz
Se paske l’mete’m confortable
(Yeah! Li mete’m confortable)
Avè’l mwen santi m’konfotab
Ohh wouah ouh!

[Moed]
Mwen menm tou mwen gen yon moun
Ke mwen ka di’l tout sak nan kè’m
Pa gen anyen map refize’l
Li se fyète’m li se bonè’m
Lè m’avè’l chè de poul leve sou po’m
Nou pa menm wè tan pase
E si yon jou m’ta gen pou m’ba’l do’m
Nan memwa’m souvni’l pap janm efase

[Pre-Chorus]
Li konn tout paj nan liv mwen
(Liv mwen e li di’m tout ti secret k’kache)
Leu m’bo kote’l je’m limen
(Li son’w dra blan ke m’pa vle tache)

[Refren]
Anpil moun ap chèche konprann
Rezon ke mwen avè’l nou antann
Li evidan pou m’santi’m alèz
Se paske l’mete’m confortable
Avè’l mwen santi m’confortable
Ohh wouah ouh!

[Bridge]
Pasca: Wo oh! Li se tout vi mwen
Moed : Tout nanm mwen
Pasca : E pou li m’prè pou’m travèse yon dezè san ezitasyon
Moed : Oh ! San ezitasyon lap toujou gen rezon pou mwen
Pasca : M’ap gen yon je sou li de prè ou de lwen
Moed : E m’konnen l’ap toujou ban’m afeksyon, Wooo !
Rale moun ou kenbe’l pou danse konsa !
Se sa !
Pasca : Si’w santi’w confortable ede’m chante konsa
Moed: Oh oh oh! Chante yeah!

[Chorus]
No one else can make me feel so comfortable
That’s the reason why I just don’t wanna let you go
Moed: That’s the reason why I just don’t wanna let you go
Pasca: No, no, no one else can make me feel so comfortable
Pasca&Moed: That’s the reason why I just don’t wanna let her go

[Chorus Pasca]
No one else can make me feel so comfortable
(Pa gen lot moun ki ka fè’m santim confortable konsa
That’s the reason why I just don’t wanna let you go
(Oh! Se pou sa m’pa vle kite’l, pou sa m’pa vle lage’l)

[Chorus Moed]
No one else can make me feel so comfortable
(No, no, no! Se lik fè’m santim konfotab)
That’s the reason why I just don’t wanna let you go
(Ne, ne, never, never ever)

[Chorus]
No one else can make me feel so comfortable
That’s the reason why I just don’t wanna let you go