Pa Bezwen Konnen • Wanito

ADDED BY VONSHI (AUG 3, 2016 AT 11:42 PM) 23,838 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Lyrics by: Wanito

[Refren]
M pa bezwen konnen
Konbyen nèg ke Ou Te genyen
M pa bezwen konnen
Konbyen nèg ke Ou pral genyen
M pa bezwen konnen
Lèw pat avèm kisaw t'ap mennen
M pa bezwen konnen
Ti moman Wap pase avèm nan
Se Li Mwen konnen

[1]
Mwen pa stil de nèg kap siveye fanm
M pap tann kou w deplase poum fouye telefòn
Cheri m’ap kontante ak tout sa w'ap Banm
Foli jalouzi pap fè Mwen Pouse kòn
Nan vi moun nan kouw parèt Ou toujou vle konnen
Epi nan kouw yon pakèt manti Li pral makònen
Si l diw verite sou desizyon w Ou pral retounen
Menm si lanmou an tap kouri yon sèl kou lap frennen
Nan ka sa a l konnen poul diw saw vle tande
Li ka menm vire sou sijè a menm siw ta Mande
Li pa wè nan Kisa konnen pral ede
Pafwa menm lèw konn verite
Ou ka wè moun nan still ap plede

[Refren]
M pa bezwen konnen
Konbyen nèg ke Ou Te genyen
M pa bezwen konnen
Konbyen nèg ke Ou pral genyen
M pa bezwen konnen
Lèw pat avèm kisaw t'ap mennen
M pa bezwen konnen
Ti moman W’ap pase avèm nan
Se Li Mwen konnen (Bis)

[2]
Si poum sove relasyon sa a fòm veyew
Sa Deja eksplike ke Mwen pa meritew
Siw vle w ka tronpe m menm siw ta mare pyew
M pa wè rezon poum ap privew de libètew
Malgre'm sansib pou kòw
M kitew soti pou kòw
Sa pa vle dim pa sou bòw
Se Ou k pou Jere respèw
Se Ou k pou montre valèw
Lè konsa moun pap rim chak fwa yo wèm avèw
Se pa jalou m pa jalou
Men lesprim merite moso Lapè tou
M paka rete Chita goumen nan lanmou
Pandan problèm lavi ap kalem chak jou

[Refren]
M pa bezwen konnen
Konbyen nèg ke Ou Te genyen
M pa bezwen konnen
Konbyen nèg ke Ou pral genyen
M pa bezwen konnen
Lèw pat avèm kisaw t'ap mennen
M pa bezwen konnen
Ti moman W’ap pase avèm nan
Se Li Mwen konnen

Ou o Ou o Ou o Ou o
M pa bezwen konnen
Iye iye iye iye
M pa bezwen konnen
Si Se Ti pyè si Se Ti jak
M pa bezwen konnen
We ti moman wap Pase avèm nan
Se li mwen konnen

[Outro]
Lè Ou pap chèche konnen
Se lè sa Ou viv pi byen
Ou pa gen yon strès Wap jere
Se pou rezon sa yo m di m pa bezwen konnen


BIOGRAPHY
  • Juanito, best known as his stage name WANITO, was born on April 21, 1988 in Jeremie, Haiti. He was raised by his mother, until he moved to the Port-au-Prince to continue his secondary education at Lycée de National de Petion-Ville. Though he was very shy, he continued to follow his dreams by performing around students, friends, and family. Upon hearing his unique voice, his peers encouraged him to participate in talent shows like, "Konkou Chante Nwel," and "Digicel Stars". Although he didn't make the finals of either competition, he wasn't discouraged. PeaceTones, a Boston-based NGO aims to empower musicians in developing countries by teaching them how to create, protect, and sell their music throughout the world. In April 2011 the NGO held a competition called, "Haiti Chante" (Haiti Sings). Gracefully, WANITO was declared the winner, and there, he found his break. With this victory, many doors were opened for him; the NGO brought him to the US to record his first-ever solo album. On December 2011, WANITO released "Biyografi Mwen" (My Biography). His extensive involvement in the Haitian community made WANITO a star even before the album hit the market. He has made headlines in most of the widely-read newspapers, blogs, and on-line magazines in Caribbean/Haiti and in the Haitian diaspora.