Gad Istwa Peyi'm • LOUIS-G ABC

ADDED BY JULNE (AUG 3, 2016 AT 4:45 PM) 4,099 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Album: Etranje Miyo
Year: 2016
Featuring: JOYEUSE PRINCE ENAZ DIMEL
Produced by: Deep Track Sound KENLEY BEAT
Lyrics by: LOUIS-G'ABC

[Refrain JOYEUSE]
Men istwa peyim (4Xfois)
Gad istwa peyim (4Xfois)

[Verse LOUIS-G'ABC -1]
Istwa peyi'n Si'n tap analize kote'l soti jan li ba,nou ta ka wont pale.
Jou'n ta banalize souzestimat lòt,kou sak pa bon'n prale.
Sak ka lize,schematize'n sou style matlòt,pou yo ka fè 'n pa byen.
Saka rive nou melanje,sakap livre,met main nan je'n,pou yo ka fè sa byen.
Yo konn met piman nan je'n,sa rann nou purement danger.
Bandi chimè se non yo bannou kòm tach sou tet tout ti jèn solèy.
Bann azimè yo bannou grangou pou flach pou'n klere chimen lamizè.
Komanw ta vle pou'n assemblé si diaspora'n yo deyò.
Nou mande tout pitit zantray rassemblé met piyajè yo deyò.
Alkòl ak dròg pat sipoze vin nan vi nou pou'n al kill lòt ak fizi.
Negativite'k prime ,mank fòmasyon,edukasyon rann demain'w lot aksfizi.
Chak jou s'on prob kalamite ak yon taux natalité koz trop timoun 15 ans gròs.
Lavi'n fatalize n'bratalize, n'tyranisé doulè'n Yo telman atròs.
Sakoz system nan mal jere n'sanbl'on nasyon alizyè.
Gad pou wè,sak konpetan ba'l yon viza aprè'n nasyonalize.

[Refrain JOYEUSE]
Men istwa peyi'm( 4X)
Gad istwa peyi'm( 4X)

[Verse Prince E -2]
Sa fè lontan y'ap maltrete nou,lontan y'ap abize nou.
Yo toujou di lib tandiske y'ap jwe ak fyète nou.
N'dwe prouve yo sa'n vo pou'n pa pa mache tet bese.
Ann montre ke nou gran devan yo n'pap mache tet bese.
Se pa tann dat ayiti ap soufri,kiyes moun ki di ase.
E timoun ki san zabri, ki nan lari k vle jn.
Apre sa 'n fin subi sonje frè'n ak sè'n ki maltrete yo.
Sak lopital ki pa jwenn bon swen kap plede maltrete yo.

[Refrain JOYEUSE]

Men istwa peyi'm (4X)
Gad istwa peyi'm (4X)

[Bridge DIMEL]

[Bridge]
Hmmm istwa peyi'n se bel pawol.
Y'ap chache chanje kè, dayè'n pap kwèl ankò.
Souzestime menm youn ak lòt .
Yo palem de istwa salomon ak jean-bertrand.
Sou prezidan nanfi pat gen grangou ni bandi,.
Yon jou sa va chanjeee,
Dlo nan je nou va suspann kouleeeeeee.

[Refrain]

Men istwa peyi'm (4X)
Gad istwa peyi'm (4X).