Mete May • Enposib

ADDED BY VONSHI (JUL 21, 2016 AT 6:20 PM) 35,101 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Album: Chay
Year: 2016

[Verse 1]
Cheri kase bwa nan zòrèy mwen fè m santi tout sa m ta fè
Met pawòl chita nan fyèl, retire lide anmè
Kite nan bouch an m, ki kole nan tèt an m
Fò w ta fè mwen repran nanm
Cheri kase bwa nan zòrèy mwen, fè m santi tout sa m ta renmen

[Hook]
Met pawòl sou mwen
Baby si w gen may pa ezite ban mwen
Gade m nan je di m sa w pa genyen
Mete may, mete may

[Verse 2]
Mwen ta renmen w mete w nan plas mwen
Mete w alèz bwè de vè kleren
Hey baby - hey baby, hey baby
Pawòl tafia w a koule sou mwen
Si w ta fè mwen kwè m ta vole
M a pran elan mwen mayigate
Hey baby - hey baby, hey baby
Pale pale w manman pale pale ou
Tout sa w ap bay – tout tout
Nenpòt ki manti l ta ye – tout tout
Cheri w mèt banm kenbe l – tout tout
Fè m santi m kite

[Hook]

[Verse 3]
Manman koute, ou gen w mòd ou kenbe men m
M santi w bezwen m
Ou gen on mòd ou karese m, m santi w renmen m
Men may sa, ti bwa sa w ap kase nan zòrèy mwen an
M renmen l a mò

[Keyboard]
Oh oh oh oh
M renmen l a mò

[Chorus 2]
Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen
Gen jou chasè tounen jibye gen jou dife brile ponpye
Cheri pase mwen nan tenten M pa di sa pa di m anyen
Lavi a se jou va jou vien, jodya se tou pa mwen

[Verse 4]
M ap ouvè kò m kòmsi sa pa fè m anyen
Men bagay sa te kraze kè mwen
Si m te ba nou bon story a, ou tap wè jan kè m te fè zenglen
Li ban m blòf sou blòf, blòf sou blòf, m pat konnen gen moun fò ke mwen
Pou janm bay may nan lari a, pa enkyete nou mwen peye sa


BIOGRAPHY
  • Après avoir quitté son pays natal pour Montréal, en 2012 Medgy Toussaint a crée le groupe Enposib, avec l'aide de Patrice Cave. Avec son inséparable guitariste, Nicolas Millet, le duo a comme mission de faire de leur musique leur moyen pour aller á la rencontre des gens. Inspiré des sons de leur enfance, tel Taboucombo, Systemband et Slai, ils proposent un mélange musical entre la musique haïtienne, comme le zouk et le kompa, et la musique populaire. Ils n'ont pas leur langue dans la poche et assurent á leur fan un moment riche en émotions. Nous sommes tanné d'aller voir des spectacles où le public n'est pas considéré, pourtant c'est pour eux que nous jouons. Enposib est une expérience artistique, plus que de la musique, ils refont naître l'art du spectacle et du divertissement.