Lespwa • 45 Soldiers

ADDED BY VONSHI (JUN 13, 2016 AT 6:29 PM) 20,482 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Featuring: Badi Kamall

[Refrain]
Pep Ayisyen vle on espwa Ki pou fè n reve reve
Yon jou peyi nou ka chanje
An nou re ekri listwa Rekanpe fyète n
Anpeche'n Pran lanmè al brave danje
Peyizan nou yo Ti machann nou yo Kisa yo bezwen? (lespwa)
Pwofese lekol Inivesitè Sa yo vle genyen? (lespwa)
Timoun nan lari vle (lespwa)
Jèn yo pou nou preche (lespwa)
Seleksyon nasyonal, Pwodiktè lokal Tout sektè bezwen lespwa

[Verse 1 - PRESTANS]
Ayisyen peyi m an nou wè!
Yo gen pou yo pran nouvèl
Drapo'n kap flote wo
Poun montre yo
Kisa nou ye kòm pèp
Ayisyen cheri an nou fèl
Montre'n ka bay tèt nou zèl
Nan Pi lespwa'n lage so
Nap rale dlo
Sa ki kwè an nou bwèl

[Verse 2 F-The-Winner]
Yon ti van lespwa ki pou fè nou reve je klè.
Fe nou viv lavi nou nan peyi n' san nou pa pè.
Epi Sou lèv nou met souri poun grandi,
Kou flè tou pou n fleri, yon bon vi, va louvri nan lavni!
Ayiti son avyon se jenn yo ki pilòt
Ann fe yo kwè nan devan pòt yo ke ka lót .
Sou yo nou konte, tout ti jenn kap monte,
Demen se nou yo gen pou yo reprezante Ann met ansanm pou n' fè lakay nou paradi tou
Si lespri n' se chanm ann met para pou ti tou

[Refrain]

[Verse 3 - The Voice]
Chak ayisyen (oo)
Dwe ka souri (ooo)
Le'l fèmen je'l Poul reve yon lòt ayiti
Ak lespwa'n ka geri
De tout mal nap soufri
Yon minimum nou vle santi Poun ka pa mouri (ooooooooooo)
Nou vleeeee yo fèn rèkwèèè ti peyi'n nan ka chanje
Nou vleeeee yo fèn rekwwèèè ak lespwa rev nou va reyalize

[Bridge – Prestans]
Peyi nou ka bouje li ka bouje
Met men pou nou pousel pou nou pouse l
Ayisyen fò n sousye, wi fò n sousye
Ki model sitwayen nou ye, kisa nou vleeee

[The Voice]
Nou vleeeee yo fèn rèkwèèè ti peyi'n nan ka chanje
Nou vleeeee yo fèn rekwwèèè ak lespwa rev nou va reyalize

[DJ Winner]
Come on come on
Lets go lets goooo
Lets goo

[Chorale - BadiKamall]
Pilollo! Pilolo pilolo
Nou prale danse ibo, nou prale danse nago jou'n jwenn chajman an
Pilolo! Pilolo pilolo
Nou prale danse petro,nou prale danse congo jou'n jwenn chanjman an

[Verse4 - Badikamall]
Nou tout gen espwa viv yon lot vi nan peyi sa
Nou tout reve viv 1 lot jan wi sou te sa
Malgre n konnen li difisil
Wi nap goumen li pa fasil
Men'n gen espwa, nou konn sa'n vle
Nap goumen yon jou fo'l rive

[Verse5 - MIC]
Nan peyi sa'n bezwen plis solidarite
Bon jan lanmou pou nou simaye tout kote
Kontinwite chak grenn ayisyen leve
Ann fe konbit pou rev nou konkretize
Ansanm on va changer ca!
Pou timoun lari gon lot vi kounya
L'union fait la force se sak devise la ui
Ansanm nap rejwenn lespwa

[Prestans & Badikamall]
Eske nou kapab?! Wi nou kapab
Eske'n konn batay?! Wi'n konn batay
Ann pran konsyans sispann kraze brize sa nou kontwi deja
Eske nou kapab?! Wi nou kapab
Eske'n konn batay?! Wi'n konn batay
Ann fe yon lot revolisyon tankou 1804

[Chorale - BadiKamall]
Pilollo! Pilolo pilolo
Nou prale danse ibo, nou prale danse nago jou'n jwenn chajman an
Pilolo! Pilolo pilolo
Nou prale danse petro,nou prale danse congo jou'n jwenn chanjman an