Pale • Ed DaLiRiks

ADDED BY VONSHI (MAY 31, 2016 AT 10:18 PM) 20,948 VIEWS EDIT

Genre: Ragga/Rap/Hip-Hop
Year: 2016
Produced by: ABG
Lyrics by: Ed DaLiRiks

Nan plas lank , m'ekri mizik sa ak san m'
Aksan m' parèt grav , yo vann peyi a bay blan
Kòm plan lè pou n' fè pwogrè n' chita sou ban divizyon
Reyalite a telman manyak li bay tout bandi vizyon
Vin' milyonè menm lè se poul ta bay manman l' pinisyon
Lavi son konba konesans se pi gwo minisyon
Kiyès ki pa wè nan palman nou an chaje debil
Kot kòb rekonstriksyon an pase? ebyen palem de Bill
Y'ap palem de deal peyi , fwase m' paske m' te di l'
Chache peri peyi m' , ajoute sou peripesi m'
M'geri lesprim, m' di mesi ak Millet Patrice
Mizè kay rich, espwa fè sa k' jemi yè pa tris
Patrice di m'
" Monte vin pran daso politik,
Fo kritik ou pa non w' sal kon neg mizè bay po li tik"
Mo m' sinik , lajan pap ka fè m' wè defo li chik
Toutan verite pa tabli, w'pap janm ka wè foli RICK.

Pale , pale , pale tout sak verite
Pale pale demaske tout vye lide
panse lè yo vle bwè n' kou likid n'ap pè
Yo bliye , si yo ba yo zam ki fè yo vin kidnapè
Ale , pale , pale tout sak verite
Pale pale demaske tout vye lide
Yo rele n' bandi defwa menm avandra
Yo pito pran pa etranje jete pa nou nan fatra

Menm nan mizik, gon prostitution de l'art
Y'ap proné seks dwog zam son assassinat de l'art
Gen plis star ke artiste nan je n' yo met kandelam
Mpa bezwen star m'son artist m' met tèt mwen nan camp de l'âme
Lè w. bon souvan yo bòykote w', yo pran w' pou krezi
Ou sezi ?nou fè twòp negativite pou plezi
Yo vle flòch kreyòl la , anglè kounya vin tounon new look
Toutan gen disip tankou m' verite pap ret nan djakout
N'about , ann fon lame pou barikade obstak
Gade gwo frap sèten DJ bay kilti nou gro tak
Yo sa k' fe nan spò n' renmen an n' toujou anreta?
N'ap briye nan Football selman lè Jean bay Dadou vag
Pran grad ou black, depiw gen souf met an gad tout sak
Vle devyew de la pawòl, k'ap fè n ' met nan kaj tout Krab ahh
Demokrasi maske kou siga ak bòz, gou vi sa atwòs
Nèg ap goumen pou viza ak fòs (Bann visye)

Pale , pale , pale tout sak verite
Pale pale demaske tout vye lide
panse lè yo vle bwè n' kou likid n'ap pè
Yo bliye , si yo ba yo zam ki fè yo vin kidnapè
Pale , pale , pale tout sak verite
Pale pale demaske tout vye lide
Nou gen twop fi ki nan pwostitisyon
Menm yo menm ankò yo la ap ankouraje koripsyon

M'fè atansyon pou tantasyon pa fimen m' ,
Si m' santi bon se motif aksyon m' motivasyon k' pafimenm
M'pa fi men, sa kap pase yo touche m'
Lanmou nan bese triye se sa menm ki pouse m'
Anna gen 16 ans li vyèj tout katye a ap ri Anna
Suzie gen 14 chaje nèg sipèsta kou Rihanna
E kouny'a la li gwòs manman l' pa ka di l' anyen
Se li k'ap okipe kay la ak anbal pou monnen
Se byen domaj gwòs li se pa li , sida li se pa l'
Tout neg net vire do ba li aksyon pasel ki se kwal
Ak tout inifòm elèv yo nan pwogram after school
Genyen k' pa peur avek pasteu l' lap bay madan pasteur kou
Madan pasteur tou defwa konn ap jere ti jenn frè
Si l' gen lekol menm se sa net li pap peye ankenn frè
Annefè kò yon fi pa enpòtan pase kè l'
Verite a la poul pale menm lel reveye sekèl

Pale , pale , pale tout sak verite
Pale pale demaske tout vye lide
se nomal pou bann sa n' merite a
Ou ka tiye nou tout men se pa verite a
Pale , pale , pale tout sak verite
Pale pale demaske tout vye lide
Ed Daliriks , ABG verite a fet an senfoni,
So li touche nanm kounya
Yo Dave chapo.