Egri • Mass Konpa

ADDED BY VONSHI (MAY 27, 2016 AT 10:43 AM) 24,548 VIEWS EDIT

Genre: Konpa
Year: 2016

[Intro]
Bonjou
God is good
Haha egri k ap megri, aya man

[Verse 1]
Pèchè latè k te panse m t ap fini
Gade kijan jodya m ap chante – gras Bondye, gras Bondye
Granmèt la toujou kanpe la pou l ban m chak jou
Sa se pi gwo prèv lafwa ak lanmou

[Chorus]
Anpil ki jalou yo t a vle wè m trennen pou mwen pa janm anyen
Granmèt la pi fò pase yo – padone yo
Men si se pat zanj yo m pa konn kote m tap ye
Mizik sa m ap chante s on fason pou m remèsye yo

[Verse 2]
Gen moun se lè gen lèt ak myèl yo la
Men kou gen gou fyèl la yo dezète yo – yo kouri, yo kouri
Mèsi tout fanatik, zanmi k te ret fidèl
Kado nou la nan pla men letènèl
M ap toujou pèsevere

[Chorus]

[Choir]
Lè gen tèt chaje, toujou pèsevere
Jou pa w pa lwen rive sa se verite
Si fado a twò lou, Bondye ap ede w pote l
Viktwa w pou ou li ye

Gracia – Ti nèg Titine nan,
Ti bat kò a, original, aya

[Choir]
Oh oh kisa m te vin fè sou tè sa
Oh oh se mizik m te vin fè sou tè sa

Ala ou pa wè sa, mizik se lavi m, yes ay
Chante

Oh oh oh
Mass Konpa

[Choir]
Oh oh kisa m te vin fè sou tè sa
Oh oh se mizik m te vin fè sou tè sa

Poze nèt, nèt nèt
Atis pou lavi

[Chorus 2]
Si w wè m ap chante bò isi
Se sa ki destine m, sa pa gen plezantri
Lanati ban m anpil bon zanmi
Ipokrit yo sezi, yo panse lavi m tap fini

[Verse 3]
Ay Egri k ap megri, yo w è m ap fleri
Mwen la pou lavi, m ap tann sa k ap vini
M ap di bondye mèsi, mwen pa janm febli
Zanmi m pap ba w manti, figi w fèk kare fè pli wi

Van, ou wè tout koulè, sèl klè ou pa wè
Van, Netwaye lakou a
Donaldo, DJ baya, men kòd ou a papa
Sa s on fant janm

Nou wè yo
Nou konnen yo